|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 28 me 2013
|
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
GOUVÈNÈ SCOTT SIYEN NOUVO LWA “NO-TEXTING-WHILE-DRIVING” ETA A NAN LEKÒL SEGONDÈ ALONZO AND TRACY MOURNING
Elèv nan Lekòl Segondè Alonzo and Tracy Mourning te temwen yon aktyèl lwa Eta a Gouvènè Rick Scott siyen maten an ki entèdi itilizasyon aparèy kominikasyon pòtab pandan moun ap kondui.
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman se yon chanpyon sekirite elèv depi plizyè ane e li te la jodi a. Anpil nan evènman li pwopoze, tankou pwomès “No Texting While Driving” (Pa Voye Mesaj Tèks Pandan W ap Kondui) AT&Tpatwone atravè www.itcanwait.com, jwe yon wòl santral nan atire atansyon sou sijè enpòtan sa a. Lwa entèdiksyon voye mesaj tèks pandan w ap kondui a sou platfòm lejislatif Komisyon Konsèy Lekòl la depi plizyè ane.
Madan Hantman di, “Mwen kontan anpil Gouvènè Scott siyen lwa ki entèdi moun voye mesaj tèks pandan y ap kondui sa a nan eta nou an… Avèk ogmantasyon itilizasyon aparèy pòtab, voye mesaj tèks pandan w ap kondui vin tounen yon vrè pwoblèm. Nou ap kontinye pwomouvwa inisyativ kondui ansekirite pou tout elèv Miami-Dade County.”
Anplis elèv ak pwofesè nan Lekòl Segondè Mourning ki fè pwomès pou yo pa voye tèks pandan y ap kondui, reprezantan AT&T, Kominikasyon Verizon, Depatman Transpòtasyon Florid, Depatman Sekirite Otowout ak Veyikil e Lopital Timoun Miami te la ak gouvènè a.
###
13-JS/128/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |