|
***DIFIZYON FOTO*** SIPÈENTANDAN LEKÒL ALBERTO M. CARVALHO ALE NAN PÈFÒMANS ‘ANNIE JR.’ ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ WILLIAM LEHMAN Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho antoure ak aktè “Annie Jr.” nan Lekòl Elemantè William Lehman. Nan foto a jis agoch Sipèentandan an se Isabella Stoffle, ki jwe wòl “Annie”. Elèv yo fè pati gwoup “Lehman The Drama Factory,” ki òganize yon pèfòmans chak ane avèk sipò PTSA (Asosyasyon Paran Pwofesè Elèv). Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Prezantasyon eksepsyonèl Drama Factory a demontre enpòtans pou ofri elèv nou yo edikasyon ar ak mizik… Nou ap kontinye genyen opòtinite edikasyon ar ak mizik pou elèv Lekòl Leta Miami-Dade County yo.” Sa fè 15yèm ane prezantasyon lekòl la. Elèv yo ofri kominote a pwòp vèsyon pèsonèl yo pou: “The Little Mermaid,” “Beauty and the Beast,” “Chicago” ak anpil lòt.
### 13-JS/130/GC/SD
|