POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 31 me 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA SÈTIFIKA SIKSÈ      POU EKSELANS NAN RAPÒ FINANSYE     

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid, resevwa Sètifika Siksè pou Ekselans nan     Rapò Finansye nan men “Government Finance Officers Association (GFOA)” (Asosyasyon      Ofisye Finans Gouvènman) Etazini ak Canada pou “Comprehensive Annual Financial Report (CAFR)” (Rapò Finansye Anyèl Konpreyansif) li a.  Sètifika Siksè sa a se pi gwo fòm rekonesans nan domèn kontablite gouvènmantal ak rapò finansye, e ranpòte li reprezante yon akonplisman siyifikatif pou yon gouvènman e moun ki ap jere li.  Sa fè 28 ane konsekitif Distri a ap resevwa prim respektab sa a.    
    
Se yon panèl san patipri ki jije CAFR pou l ka satisfè estanda wo nivo pwogram nan ki gan ladan  demontre yon “spirit of disclosure” (lespri transparans) pou kominike klèman istwa finansye li e pou ankouraje fiti itilizatè ak gwoup itilizatè yo pou yo li CAFR la.          

Kòm yon òganizasyon ki pa la pou pwofi, GFOA sèvi anviwon 17,500 pwofesyonèl finans  gouvènman avèk biwo li nan Chicago ak Washington, D.C.       

###

013-JJS/132/VVL/CM  

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès