|
SIPÈENTANDAN LEKÒL ALBERTO M. CARVALHO PRAL RESEVWA PRIM SÈVIS DISTENGE, 1YE JEN Chanm Komès Miami Beach pral onore Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho kòm benefisyè Prim Sèvis Distenge Jan Pfeiffer pandan 91yèm Gala Dine Anyèl ak Vant Ozanchè an Silans a 6:30 diswa Samdi, 1ye jen, nan Miami Beach Convention Center. Evènman an ap fèt nan 1901 Convention Center Drive. Evènman sa a atire plis pase 1,200 pwofesyonèl biznis ki pi enfliyan nan Miami Beach pou rekonèt manm eksepsyonèl nan kominote a. Yo prezante Prim Sèvis Distenge Jan Pfeiffer an chak ane depi an 1987 bay endividi oubyen konpayi kote patisipasyon kominotè ekstrawòdinè yo jenere gwo kontribisyon nan Sid Florid la. Moun ki te resevwa prim sa a deja gen ladan Tracy and Alonzo Mourning, Judy Ducker ak Doktè Barth Green.
### 13-JS/134/GC/SD
|