POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 3 jen 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

MIAMI DOLPHINS PRAL VIZITE AKADEMI AR DOKTÈ HENRY E. PERRINE

KIYÈS: 

Reprezantan Miami Dolphins, elèv ak pwofesè Akademi Ar Doktè Henry E. Perrine, ak ofisyèl Distri yo

KISA:

Sesyon “Fins Friday” nan Akademi Ar Doktè Henry E. Perrine

KILÈ: 

Madi 4 jen 2013
9 dimaten

KI KOTE: 

Dr. Henry E. Perrine Academy of the Arts
8851 S.W. 168th Street
Palmetto Bay, FL 33157

POUKISA:

Pwogram Jèn Miami Dolphins ak Kominotè a ap vizite Akademi Ar Doktè Henry E. Perrine nan sesyon Fins Friday.

Fins Friday se yon pwogram amizan ki anseye elèv lekòl elemantè kòman pou yo “Dol-Fit” (Anfòm tankou Poupe) atravè twa prensip: edikasyon, aktivite fizik, ak chwa pozitif. Fins Friday se yon rasanbleman amizan, entèraktif kote lekòl la ka ri, aprann, e montre espri Dolphins li.  Yo fè Fins Friday pou tout lekòl la, se pa pou yon gwoup elèv patikilye, oubyen yon rekonpans pou kèk elèv.

Misyon Pwogram Jèn Miami Dolphins la se pou aksantye enpòtans edikasyon, aktivite fizik, ak chwa pozitif nan yon anviwònman ki gen sekirite e ki amizan pou timoun.

KONTAK:
Maileen Ferrer, Direktris, nan 305-235-2442

# # #

13-JJS/136/VVL/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès