|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 5 jen 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO AP ESEYE DEPASE PWÒP REKÒ LI NAN KANTITE GRADYASYON LI PATISIPE
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho ap eseye depase pwòp rekò li nan kantite seremoni gradyasyon li ale ane sa a. Ane pase, li te vizite e pale nan 24 gradyasyon distri a; ane sa a li pwograme pou l vizite e pale nan 26 seremoni.
Carvalho di, “Se yon privilèj e yon onè pou mwen vizite kantite seremoni gradyasyon posib… Mwen vle ankouraje gradye nou yo e ofri remèsiman pèsonèl mwen bay paran, pwofesè ak administratè elèv yo dèske yo ede yo reyisi nan atenn etap enpòtan sa a nan lavi.”
Piblik la ka suiv pwogrè Sipèentandan Carvalho sou Twitter nan https://twitter.com/MiamiSup. Dènye gradyasyon li pwograme pou li ale se Lekòl Segondè Miami Beach vandredi 7 jen a 3è nan aprèmidi nan “The Fillmore Miami Beach at The Jackie Gleason Theater.”
Lekòl Leta Miami-Dade County òganize yon total 49 seremoni gradyasyon.
###
013-JJS/137/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |