|
ELÈV AKADEMI FINANS M-DCPS JWENN YON AVANS KÒM FITI BANKYE Trant elèv ki anwole nan pwogram Akademi Finans nan senk lekòl segondè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral patisipe nan yon Kan Fiti Bankye ete sa a “South Florida Workforce Investment Board” (Komisyon Sid Florid pou Envestisman nan Mendèv) ak plizyè lòt bank lokal patwone. Bi kan an se pou ekspoze elèv yo a karyè nan endistri sèvis finansye a. Pwogram inovatif sa a pral ofri elèv ki soti nan lekòl segondè Coral Gables, Miami Jackson, Coral Reef, Barbara Goleman ak Miami Edison, diferan opòtinite amelyorasyon edikasyonèl pou solidifye ladrès matematik ak kominikasyon yo, ki gen ladan konplete yon pwogram estaj e resevwa sètifikasyon endistri a ki evantyèlman vize preparasyon yo pou kolèj ak karyè. Lè yo fini pwogram nan avèk siksè, elèv yo ap elijib pou resevwa sètifika kesye bank Asosyasyon Bankye Ameriken, Enstiti Labank Ameriken. Sètifika a, ki se yon estanda nasyonal, satisfè demand edikasyonèl pou egzamen sètifikasyon Enstiti Bankye Sètifye ofri a. Elèv ki gradye nan lekòl segondè elijib pou sètifika vokasyonèl Kolèj Miami Dade e yo ka travay pou jwenn yon “assosiate’s degree” (diplòm dezan kolèj) nan sèvis finansye. Pwogram Akademi Finans M-DCPS la se yon manm “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal), yon rezo nasyonal akademi karyè ki sipòte devlopman jèn Amerik yo pou yo jwenn siksè pèsonèl ak pwofesyonèl nan lekòl segondè, edikasyon apre lekòl segondè e atravè tout karyè yo. Genyen 15 lekòl segondè nan Miami-Dade ki gen akademi karyè Akademi Finans. Pou plis enfòmasyon sou pwogram estaj NAF Lekòl Leta Miami-Dade County yo, silvouplè kontakte biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Parantal nan 305.995.1922 oubyen choice.dadeschools.net.
Fiti Bankye yo rankontre konseye yo nan resepsyon lansman ki te fèt nan Kolèj Miami Dade, Kanpous Wolfson.
### 13-JS/138/HD/RL
|