|
***DIFIZYON FOTO*** YON LEJAND GOLF SID FLORID RESEVWA PRIM ONORÈ Sipèentandan Alberto M. Carvalho bay lejand golf Sid Florid la, Charles DeLucca Sr. yon diplòm lekòl segondè onorè, pandan seremoni gradyasyon Lekòl Segondè Miami Edison nan Miami Arsht Center for the Performing Arts, 5 jen. DeLucca, ki se yon antreprenè golf yo te plase nan Lis Onè PGA Sid Florid la an 2003, te ale nan Edison nan ane 1950 yo, men li pat gradye akoz yon pwoblèm zye yo pat dyagnostike ki te rann li difisil pou l li. Carvalho te rekonèt DeLucca pou devouman li pou kominote nou an e jèn li yo, anvan li te prezante li diplòm nan.
### 013-JJS/139/SD
|