|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 7 jen 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
MIAMI-DADE DEVAN ETA A NAN PWOGRÈ LEKTI AK MATEMATIK, AP PREPARE POU NÒT PÈFÒMANS LEKÒL KI BA
Daprè enfòmasyon “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) difize jodi a sou “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid), “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS )” (Lekòl Leta Miami-Dade County) depase eta a nan ogmantasyon pwogrè nan tout ane eskolè yo teste nan lekti ak matematik. Anmenmtan, lekòl yo ap prepare pou nòt pèfòmans yo desann akoz yo leve limit nòt ki te anplas nan kòmansman ane a.
Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Nou konnen elèv nou yo ap aprann e ap fè meyè nòt, e nou dwe remèsye pwofesè ak administratè nou pou sa… Men akoz nouvo estanda elve Eta a, nou ka pa wè sa reflete nan nòt lekòl endividyèl yo ane sa a.”
Anjeneral, nan konbine ogmantasyon pwogrè pou tout ane eskolè yo te teste yo nan lekti ak matematik, M-DCPS pèfòme prèske 10 fwa to eta a, e li pèfòme tou pi byen pase konte avwazinant yo. M-DCPS depase ogmantasyon mwayèn eta a nan lekti a 12 pwen e li senk pwen pi wo pase ogmantasyon mwayèn eta a nan matematik.
FLDOE difize yon kantite enfòmasyon eksepsyonèl sou FCAT jodi a, ki gen ladan lekti 4-10yèm ane eskolè, matematik 4-8yèm ane eskolè, syans 5yèm ak 8yèm ane eskolè, ak egzamen “end-of-course’’ (fen kou) nan aljèb, jewometri, biyoloji, ak istwa Etazini. Yo jwenn enfòmasyon ki pi enpòtan pou lekòl yo nan 3-10yèm ane eskolè nan lekti e 3-8yèm ane eskolè nan matematik.
Pami lòt rezilta, nan aljèb 7-12yèm ane eskolè, Miami-Dade depase ogmantasyon eta a nan nòt kat sou sis e depase pèfòmans eta a nan nòt twa sou sis. Nan biyoloji, Miami-Dade depase eta a nan twazyèm ak senkyèm ane eskolè. Miami-Dade matche pèfòmans eta a nan jewometri nan de sou senk nivo, yo rekonèt yo bezwen fè plis travay toujou.
Nòt editè a: Gade tablo ki nan atachman an
###
13-JS/141/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |