|
SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO MANDE KOMISYON EDIKASYON FLORID POU REKONSIDERE CHANJMAN SOU RESPONSABLITE YO Ekip Travay sipèentandan yo pral revize chanjman yo, fè rekòmandasyon TAMPA – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho te pale devan “Florida Board of Education (FBOE)” (Komisyon Edikasyon Florid) maten an pou li mande pou Komisyon an rekonsidere chanjman sou responsablite ki ka potansyèlman gen efè negatif sou nòt pèfòmans lekòl atravè eta a. Kòm repons, Chèmann FBOE Gary Chartrand te òdone Komisyonè Edikasyon Florid Tony Bennett pou l fòme yon ekip travay sipèentandan lekòl ki ka egzamine kesyon an e fè rekòmandasyon bay Komisyon an. Lekòl Leta Miami-Dade County gen lontan l ap sipòte mezi responsablite ki ede pwofesè yo konsantre efò yo sou anseye elèv nan kominote nou an, malgre konte nou an gen anpil defi pou leve, ki gen ladan imigrasyon, mobilite ak lang. Sepandan, gran kantite chanjman eta a enpoze depi plis pase dezan tèlman chanje sistèm responsablite a, lekòl ki fè amelyorasyon ekstrawòdinè nan pèfòmans elèv ka, anfèt, resevwa nòt pèfòmans lekòl ki pi ba. Sipèentandan Carvalho te rekòmande tou pou yo sispann plan kote yo pran nòt elèv ki soti nan sant espesyal ak edikasyon altènatif pou retounen yo nan lekòl “katye” yo, kote yo te ka pa t janm ale. Li soupliye pou yo pran an konsiderasyon elèv ki ap aprann Anglè, yo atann pou pase egzamen difisil e mete nòt yo fè nan nòt pèfòmans lekòl yo apre sèlman yon ane yo ap resevwa enstriksyon sou lang Anglè. Anplisdesa, yo poko etidye efè konpilasyon chanjman yo, e gen posiblite pou divès varyasyon yo gen ankò plis enpak katastwofik pou pwofesè, elèv ak ekononi an.
### 13-JJS/144/RL
|