POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 jen 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL FÈ YON FOWÒM PIBLIK SOU ETID INEGALITE 

KIYÈS: 
Anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County ak sitwayen ki enterese
KISA:
Fowòm Piblik sou Etid Inegalite
KILÈ: 

Jedi 27 jen 2013
6-8 diswa

KI KOTE: 

Miami Carol City Senior High School, Auditorium
3301 Miami Gardens Drive
Miami Gardens, FL 33056

POUKISA:

Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè yon Etid sou Inegalite e li envite tout moun ki enterese   nan yon fowòm piblik. Etid la pral revize itilizasyon “Minority- and Women-owned Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè ak sa Fanm Posede) pou Distri Lekòl Leta Miami-Dade County.  Se gwoup konsiltan “MGT of America (MGT)” ki pral fasilite etid la.

Etid la pral egzamine akizisyon sèvis konstriksyon ak sèvis pwofesyonèl ki gen rapò ak konstriksyon e plan pou Distri a, pratik soutretans konsiltan kontraktè prensipal/lidè pwofesyonèl ki fè biznis avèk Distri a, ak evidans non-konfime ki soti nan diferan seksyon fim M/WBE ak sa ki pa M/WBE.  Objektif odyans piblik la sèke MGT pral disponib pou reponn kesyon ki gen rapò ak konstriksyon e plan fim yo ka genyen konsènan etid inegalite Distri a.        

Moun ki gen andikap, ki gen entansyon patisipe nan aktivite sa a e ki ka bezwen èd oubyen sèvis siplemantè tankou entèprèt pou moun ki soud oubyen ki gen pwoblèm tande, lektè, gwo lèt oubyen “Braille” (ekriti pou moun ki pa wè), ak moun ki pa pale Anglè kapab kontakte Vernetta Mitchell, MGT of America, Inc. nan 704-531-4099 oubyen vmitchel@mgtamer.com.  Endividi oubyen mèt biznis ki gen kesyon oubyen kòmantè sou etid sa a ka kontakte l tou.  

Pou plis enfòmasyon sou anons sa a, kontakte Marisol Marin, Biwo Opòtinite Ekonomik nan  305-995-1353, oubyen marisolmarin@dadeschools.net.     

 

 

# # #

13-JJS/146/DF/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès