|
KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE OTORIZE PLAN KONVÈJANS DIJITAL Jodi a Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade otorize yon plan Sipèentandan Alberto M. Carvalho pou ofri sèvis edikasyon dijital sanfil pou elèv atravè distri lekòl la. Carvalho di, "Kous konvèjans dijital Miami-Dade la se pa pou nou depase lòt moun; se pou depase tèt nou nan pousuit egalite ak opòtinite… Miami-Dade pral antèt peyi a nan garanti dwa dijital inivèsèl pou tout timoun nan ane 2014." Plan an ofri anpil benefis pou lekòl, pwofesè ak elèv yo, ki gen ladan: 1. Mete ajou enstalasyon kab lekòl yo pou sipòte Entènèt gwo vitès avèk ase kapasite pou sipòte enstriksyon 21yèm syèk la. Eleman sa yo ann akò avèk rekòmandasyon komisyon “The Leading Education by Advancing Digital, oubyen LEAD” (Antèt Edikasyon avèk Avansman Dijital) fè. Carvalho di, "Plan an pral elimine dezè dijital kominote nou an atravè kontni, ranfòsman aparèy ak aksè sanfil yo ap genyen an pèmanans." Fon pou transfòmasyon dijital distri lekòl la ap soti nan lajan Referandòm Bon Obligasyon Jeneral pou Lekòl 21yèm Syèk la votè yo te apwouve nan mwa novanm dènye, ki gen ladan $100 milyon dola pou mete teknoloji ajou. Yo ap depanse yon total $82 milyon dola nan kanpous lekòl yo, ki gen ladan $38 milyon dola pou sistèm pwojeksyon, teknoloji entèraktif, ak sistèm anplifikasyon son. Yo ap depanse yon lòt $44 milyon dola pou mete ajou rezo lekòl yo. Estatistik montre twa sou 10 Ameriken oubyen anviwon 8 milyon kay ki reprezante prèske 15 milyon timoun pa gen Entènèt. Efò distri a ap non sèlman ede nan bay elèv ak fanmi yo aksè sou Entènèt, men tou li pral transfòme salklas nou yo atravè pwovizyon zouti ansèyman pou 21yèm syèk la. Distri a te deja kòmanse ak pwosesis konvèjans dijital la, e li ap kontinye avanse nan anviwònman ansèyman dijital la ak teknoloji mobil, kontni dijital, sèvis “cloud”, ak zouti web 2.0, toude distri a ak elèv yo posede. Yo ap fè yon sondaj pou evalye bezwen dijital popilasyon elèv la. Annatandan rezilta sondaj la, yo pral fè yon ‘‘Request for Information (RFI)’’ (Demand pou Enfòmasyon) pou sèvis dijital pou idantifye aparèy ki satisfè bezwen enstriksyonèl e ki ofri pi bon kalite pou pri a. Pwogram Kategorik Materyèl Enstriksyonèl Eta a ofri fleksiblite pou achte aparèy dijital pou elèv e yo pral itilize l pou finanse inisyativ sa a nan kòmansman ane fiskal 2014-15 la. Yo ap distribye aprarèy elèv yo pa faz, avèk Faz 1 ki ap fini ann otòn 2013. Yo pwojte pou fini ak Faz 2 e 3 ann out 2014 e 2015, respektivman. Yo ap mete ajou tou sant rezo distri a ki lokalize nan Sèvis Enfòmatik.
### 13-0147/JS/SD
|