POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 1ye jiyè 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO AP PATISIPE NAN REYINYON KOMISYON EKIP TRAVAY SOU NÒT LEKÒL NAN TALLAHASSEE JODI A

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral patisipe nan premye reyinyon komisyon ekip travay sou nòt lekòl, ki pwograme pou jodi a, 12:30-4è nan aprèmidi, nan the Turlington Building, 325 Benjamin Gaines St., Tallahassee.  Sipèentandan ak lidè edikasyon yo pral revize faktè ki enplike nan detèmine nòt lekòl ane sa a, ki gen ladan rezilta FCAT 2.0 ak evalyasyon EOC (Fen Kou).  Chèn televizyon “The Florida Channel” ap difize reyinyon an andirèk nan http://thefloridachannel.org.        

Carvalho te pale devan “Florida Board of Education (FBOE)” (Konsèy Edikasyon Florid) 18 jen an, pou mande Komisyon an pou rekonsidere chanjman responsabilite ki ka gen yon enpak potansyèlman negatif sou pèfòmans lekòl atravè eta a.  Kòm repons, Chèmann FBOE Gary Chartrand te mande Komisyonè Edikasyon Florid Tony Bennett pou li fòme yon ekip travay ak sipèentandan lekòl ki ka egzamine sijè a e fè rekòmandasyon bay komisyon an.

Lekòl Leta Miami-Dade County gen lontan l ap sipòte mezi responsabilite ki ede edikatè konsantre efò yo sou anseye elèv yo nan kominote nou an, malgre konte nou an gen anpil defi pou leve, ki gen ladan imigrasyon, mobilite ak lang.  Sepandan, gran kantite chanjman eta a enpoze depi plis pase de ane ki sot pase yo tèlman chanje sistèm responsabilite a, lekòl ki te eksperimante nivo amelyorasyon ekstrawòdinè nan siksè elèv kab anfèt resevwa nòt pèfòmans lekòl ki pi ba.

Carvalho te rekòmande tou pou sispann plan kote yo pran nòt elèv ki soti nan sant espesyal ak edikasyon altènatif pou retounen nan lekòl "katye" yo, kote yo te ka pa t janm ale.  Li soupliye pou yo pran an konsiderasyon elèv ki ap aprann Lang Anglè, yo atann pou pase egzamen difisil e akablan pou nòt yo antre nan rezilta nòt pèfòmans lekòl yo apre sèlman yon ane yo ap resevwa enstriksyon sou lang Anglè.

Anplisdesa, yo poko etidye efè konpilasyon chanjman yo, e gen posiblite pou divès varyasyon pral gen plis enpak devastan pou pwofesè, elèv ak kominote a.

###

13-JS/0148/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès