POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 2 jiyè 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SANT ANGLÈ A AP FÈ SEREMONI REKONESANS
“RANKONTRE AK OTÈ YO”

KIYÈS: 
Anplwaye Sant Anglè a, elèv, otè yo pibliye ak manm ki enterese nan kominote a
KISA:
Seremoni Rekonesans "Rankontre Otè yo"
KILÈ: 
Mèkredi 3 jiyè 2013
10è dimaten
KI KOTE: 
The English Center
3501 S.W. 28th Street
Miami, FL 33133        
POUKISA:

Kowalisyon Alfabetizasyon Florid pibliye yon liv ki fèt pou bay adilt ki ap aprann li ak ekri opòtinite pou devlope konfidans yo pandan yo ap amelyore ladrès lekti, ekri ak panse kritik yo. Yo ankouraje elèv adilt ki anwole nan edikasyon adilt, alfabetizasyon, ESOL ak pwogram alfabetizasyon pou fanmi atravè Florid pou yo bay redaksyon yo. Sant Anglè a pral fè yon resepsyon “Rankontre Otè yo” pou onore imajinasyon ak kreyativite elèv ki demontre nan redaksyon yo, yon refleksyon sou yon seri pèspektif ak eksperyans lavi, ki osi divès ak otè yo menm.

 

# # #

13-JS/149/GC/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès