|
BON LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA EVALYASYON FAVORAB De sèvis evalyasyon bon entènasyonal bay nouvo vòt bon “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) evalyasyon favorab. Votè yo te apwouve bon an novanm dènye avèk yon majorite 70 pousan e yo pral sèvi ak yo pou amelyore etablisman lekòl, fè nouvo konstriksyon e modènize teknoloji. Ajans evalyasyon “Moody’s Investor Services” ak “Standard & Poor’s (S&P)” te bay Seri Bon “General Obligation (GO)” (Obligasyon Jeneral) 2013 Distri a nòt “Aa3” ak “A+”, ki pral bay distri lekòl la yon montan apwoksimativman $200 milyon nan fen jiyè 2013. Distri a te bay tou yon dezyèm seri bon ki pral pwodui apwoksimativman $100 milyon nan fon adisyonèl nan fen fevriye 2014. Moody te evalye seri sa a “(P)Aa3” e S&P a “A+”. Tout evalyasyon alontèm yo gen yon pozisyon ki estab. Pozisyon estab Moody a reflete yon ekip jesyon ki solid, amelyorasyon finansye remakab Distri a, kapasite alavni pou l finanse amelyorasyon kapital avèk $1.2 milya bon obligasyon jeneral la, ak yon ekonomi ki ap retabli lantman. S&P note finans Distri a gradyèlman amelyore depi ane fiskal 2008, pandan baz taks ki afebli a montre li ap retabli resamman. S&P te konsidere tou nivo dèt Distri a an jeneral rete ba. S&P kwè Distri a toujou ap konfwonte presyon bidjetè prèske nan fen tèm nan akoz afeblisman baz taks la e limit nan finansman eta a. Si Distri a ta kenbe rezèv adekwat e estabilize pèfòmans li pandan peryòd nouvo GO ki ap vini yo, S&P ka ogmante to evalyasyon an. Moody bay MIG 1 (pi gwo evalyasyon pou nòt akoutèm) pou vant “Tax Anticipation Note (TAN)” (Nòt sou Antisipasyon Taks) $250 milyon ki ap vini an. Yo ap bay TAN nan pou rezon disponiblite lajan pou pwodui likidite jiskaske li resevwa taks pwopriyete sifizan, ki ap kòmanse an novanm 2013. Moody note fòs distri a gen ladan kondisyon finansye favorab, jesyon konsèvatif e solid distri a, e yon ekonomi ki ap establize. ### 13-JS/150/RL
|