|
DE ÒGANIZASYON ONORE DEPATMAN ENFÒMATIK Magazinn Computerworld nan 25yèm ane gala li a nan Washington, D.C. te prezante Pwogram “Learn Ideas, Navigate Knowledge (LINK)” (Aprann Ide, Navige Konesans) sistèm lekòl Miami-Dade la Prim Akonplsiman Siksè 21yèm Syèk. Yo te onore LINK nan kategori Prim Filantwòp, ki rekonèt òganizasyon ki pote kontribisyon siyifikatif pou yon sitiyasyon ki nesès, tankou lekòl, bibliyotèk, sant kominotè, ak òganizasyon ki pa la pou pwofi ki merite l. Yo te chwazi 269 gayan, ki reprezante 29 peyi, pami plis pase 700 nominasyon pou akonplisman 11 kategori. LINK ofri fòmasyon dijital debaz, òdinatè nan pri ba pou plis pase 7,400 elèv ak sèvis Entènèt pou plis pase 3,000 kay. Fanmi ki ap patisipe ki fini fòmasyon an resevwa yon òdinatè ki chaje ak pwogram pou $25 pou pran ale lakay yo e kenbe li. LINK jwenn finansman atravè Pwogram Opòtinite Teknoloji ak Gwo Kapasite Depatman Komès Etazini kòm pati pake ‘stimulus’ (sipò finans) ekonomik federal ak Akò Rekiperasyon ak Reenvetisman Ameriken. Adisyonèlman, “Council of Great City Schools” te prezante Ofisye Anchaj Enfòmasyon Distri a, Debbie Karcher, Prim Sèvis Distenge, pou sèvis, pwofesyonalis ak sipò li pou edikasyon piblik nan non timoun ki nan lekòl iben konte a. ### 13-JS/151/HD/CF |