|
SPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO PWOPOZE BIDJÈ KI PWOTEJE “Millage” Komisyon Kosèy Lekòl yo kontwole gen pou desann a .1 pousan MIAMI- Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Mesye Alberto Carvalho jodi a te devwale yon bidjè pou ane lekòl ki ap vini an ki pwoteje salklas yo, depans lekòl ak pwogram bileng; pwoteje pwofesè e ofri yo ogmantasyon; e ogmante sipò Edikasyon pou Elèv Eksepsyonèl agrandi opsyon chwa parental. Bidjè a pwoteje praktikalite ekonomi distri lekòl la e onore pwomès lit e fè votè pou $5 millage (jan taks kay ki finanse lekòl) Bon Obligasyn Jeneral pou chak $100,000 valè kivalab pou takes yon kay. Mesye Carvalho di, “Sa se yon bidjè ki ap sèvi elèv, paran ak kominote a… Li bay maksimòm opòtinite pou elèv aprann e li onore volonte votè angrand kantite ki te sipòte referandòm bon an.” Ki pral prezante Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade avèk yon pwopozal pou desann .1 pousan pòsyon millage ki anba kontwòl Komisyon Konsèy la. Pòsyon millage sa a elektoral kontwole a pral etabli a .5 pousan, ki konsitan avèk rezilta elektoral novanm dènye a, Pwopozisyon 222 a. Bidjè a pa pral afekte pwogram elektif yo, ni yo pap redui depans pou sekirite lekòl, ni aktivite atletik oubyen aktivite aprè lekòl. Yo pap ogmante biwo santral distri a. Bidjè a pa fè konpwomi sou bi Distri a pou obeyi manda kantite elèv nan klas (class size), e pwofesè pap fè fas ak revokasyon pou rezon ekonomik. Li pap pèmèt efè “sequestration” (aksyon reklame byen legal jiskake yo peye dèt yo) federal pou afekte sèvis lekòl dirèkteman. Bidjè a pap redui rezèv distri a oubyen ogmante millage fonksyonman an.
### 201-JS/152/CF
|