|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 11 jiyè 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
PLIS PASE YON DEMI MILYON DOLA NAN PEMAN PÈFÒMANS POU DIREKTÈ, ASISTAN DIREKTÈ LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
Jis twa mwa desa, Lekòl Leta Miami-Dade County te rekonpanse pwofesè ki pèfòme nan nivo wo avèk plis pase $14 milyon nan peman pèfòmans. Jodi a, se tou direktè ak asistan direktè yo, e y ap distribye plis pase yon demi milyon dola bay administratè distri a ki ap pèfòme nan nivo wo nan yon seremoni k ap fèt a 11:30 dimaten nan Oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la, 1450 N.E. Second Avenue, Miami.
Miami-Dade se sèl distri lekòl nan eta a ki rekonpanse pwofesè ak administratè ki nan lekòl pou pèfòmans yo anba yon don “Race to the Top (RTTT)” (Kous pou Antèt) Depatman Edikasyon Etazini. Sipèentandan Alberto M. Carvalho te chèmann Gwoup Travay Gouvènè a ki devlope yon memorandòm dantant ak yon aplikasyon ki gen siksè ki lakoz Florid resevwa plis pase $700 milyon nan fon RTTT, ki egal a $350 milyon pou distri atravè eta a. Fon pou prim yo bay administratè ki dirije e enspire pwofesè pou akonpli objektif edikasyon elèv vin posib atravè don RTTT a.
###
13-JS/153/JS/RL
Nòt Editè a: Sipèentandan Alberto M. Carvalho ap disponib pou diskite gran liy bidjè 2013-2014 yo pwopoze pou distri lekòl la, aprè seremoni k ap dire inèdtan jodi a.
Retounen sou Nòt pou Laprès |