|
REKREYASYON NAN LEKÒL ELEMANTÈ MIAMI-DADE Rekreyasyon jan nou konnen li a pral fè yon gran chanjam an otòn sa a nan ane dijital la. Pwogram inovativ la avèk yon varyete estasyon egzèsis pral motive elèv yo ak pwofesè yo pou anbrase aktivite fizik kòm yon abitid lavi diran. Kòm pati pwojè yon bous finansye, Biwo Edikasyon Fizik ak Fòmasyon sou Sante distri lekòl la te devlope yon pis atletik teknolojik debaz anndan lekòl elemantè yo pandan rekreyasyon. Anplis pòs monte mach la oubyen ba sispandi abityèl yo “pis” sa yo etabli atravè lekòl la pral gen kòd “Quick Response) (Repons Byen Vit) ki ap prezante videyo sou diferan egzèsis/aktivite elèv pral ka jwenn aksè avèk lektè (QR) sou yon iPad. Chak lekòl elemantè ap resevwa de (2) iPad e senk QR chak mwa. Pwojè a kounye a nan estaj planifikasyon e Biwo Edikasyon Fizik ak Fòmasyon sou Sante ap travay avèk biwo Enfòmatik Distri a pou ete a pou konvèti videyo egzèsis pou kòd QR yo. Yon fwa pwogram nan kòmanse fonksyone an otòn nan, lekòl yo ap resevwa kòd QR yo yon fwa pa mwa regilyèman pou plase atravè lekòl la kòm yon pati nan pis atletik ki anndan lekòl la. Lekòl Leta Miami-Dade County se premye sistèm lekòl nan tout peyi a ki konplètman enplemante pwogram inovatif sa a kòm inisyatif pou rekreyasyon nan tout disri a. Tout elèv nan ane eskolè Jadendanfan rive 5yèm ane gen rekreyasyon swa defwa pa semèn pou 20 minit chak fwa, oubyen 3 fwa pa semèn pou 15 minit chak fwa. Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Jayne D. Greenberg, “District Director, Physical Education and Health Literacy” (Direktè Distri, Edikasyon Fizik ak Fòmasyon sou Sante) nan, 305-995-1963.
### 13-JS/154/HD/CF
|