
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 15 jiyè 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DISTRI LEKÒL NAN SID FLORID LA AP FÈ FAS AK YON GWO PÈT FINANSMAN TITLE I
Distri lekòl nan Sid Florid la riske pèdi plizyè milyon dola si amandman “Title I” yo pase lè lwa Akò sou Edikasyon Elemantè ak Segondè (H.R. 5 – The Student Success Act) rive nan deba nan Chanm Depite a semèn sa a. Amandman yo pwopoze a ka afekte gravman edikasyon “K12” (Jadendanfan pou 12yèm ane eskolè) e li t ap nui gwo distri lekòl Florid yo yon fason ki pa pwopòsyonèl. Yo estime Florid ka pèdi plis pase $107 milyon nan lajan Title I pou elèv defavorize yo, avèk distri lekòl nan Sid Florid yo ki ka pèdi apwoksimativman $45.6 milyon.
Lwa yo pwopoze a ka koupe finansman nan distri lekòl ki gen gwo kantite elèv ki nan povrete e redistribye lajan an bay distri lekòl atravè peyi a. Miami-Dade County, avèk plis elèv ki elijib nan Florid, t ap pèdi $25.4 milyon pou ane fiskal 2014 la.
Pati A Akò sou Edikasyon Elemantè ak Segondè Title I nan ofri asistans finansye bay distri lekòl ki gen pi gwo kantite timoun ki soti nan fanmi ki pa fè anpil lajan. Title I baze sou rechèch solid sou: dezavantaj ekonomik ak konsantrasyon povrete ki gen relasyon avèk bezwen akademik elèv yo, e ki mande sèvis anrichisman pou reyalize estanda K12 yo. Rediksyon ki vize domèn ki gen plis bezwen yo, ki rive tousuit apre sekestrasyon federal ak rediksyon resesyon eta/lokal ki te fèt lantman, pral inevitableman konpwomèt akonplisman elèv yo. Efò ki pa apwopriye pou relokalize sipò Title I lwen distri ki gen gwo bezwen yo ka imedyatman koupe sèvis nan lekòl ki elijib yo e finalman redui to gradyasyon yo, febli reyalizasyon nan vil ak mendèv nou yo, e ajoute nan fado taks yo olye pou sa ta ranfòse konpetitivite ekonomik nou.
Rediksyon Title I ki vize lekòl nan Amerik la ak distri ki gen pi gwo bezwen yo opoze ak règ solid pou edikasyon, enterè ekonomik, ak prensip jistis e sa t ap nui distri iben yo espesyalman.
Rele Gouvènè a, Komisyonè Edikasyon an, Lidè nan Chanm Depite a ak Sena a, ansanm ak Manm Kongrè Florid yo pou ede nan pwoteje elèv nan Florid ki gen plis bezwen yo.
###
013-JJS/155/VVL/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |