|
YO NONMEN YON VETERAN EDIKATÈ M-DCPS NAN KONSÈY ADMINISTRASYON YOUTH FAIR Yo nonmen veteran edikatè, Alexis Martinez, D.Ed. kòm yon manm nan konsèy administrasyon Miami-Dade County Youth Fair & Exposition. Martinez se sipèentandan Biwo Rejyon Sid Distri a. Li resevwa diplòm “Bachelor of Science” (Bachelye Syans) nan zowoloji ak biyoloji maren nan University of Florida. Martinez te pami yon gwoup 30 edikatè distenge Distri ki te resevwa diplòm doktora yo nan edikasyon nan Nova Southeastern University an 2003. Martinez di, "Mwen pa ka tann pou m travay avèk konsèy la paske mwen apresye lefè Youth Fair la ofri aktivite anrichisan pou elèv Miami-Dade County yo ak kominote a pou plis pase yon bon demi syèk." Martinez te kòmanse pozisyon li kòm yon pwofesè biyoloji nan Lekòl Segondè Miami Jackson. Li touswit pase nan ran asistan direktè pou rive nan direktè Lekòl Segondè Coral Gables, ki ranpòte plizyè prim anba direksyon li, ki gen ladan prim prestijye “Siemens” pou Plasman Avanse an 2004-2005. Martinez te ouvè tou Akademi Syans Agrikòl nan Lekòl Segondè William H. Turner Technical Arts, ki avanse teknoloji ki asosye avèk agrikilti. Aktyèlman, wòl Martinez se sipèentandan rejyonal. Eksperyans pratik li gen ladan yon fonksyon espesyal pou kowòdine Pwogram Edikasyonèl Baz Naval Guantanamo a ak Afè Migran. Youth Fair bay elèv lekòl lokal piblik, prive, “charter” ak lekòl lakay plis pase $300,000 anyèlman nan bous pou kolèj, lajan kach ak prim. Jiska jodi a, Youth Fair bay elèv Miami-Dade County plis pase $10 milyon pou ede yo atenn edikasyon aprè lekòl segondè.
### 13-JS/156/HD/RL
|