POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 18 jiyè 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP EVALYE BEZWEN DIJITAL ELÈV YO

An repons a plan konvèjans dijital Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade ki resamman otorize Sipèentandan Alberto M. Carvalho pou l ofri edikasyon sèvis sanfil dijital pou elèv atravè distri lekòl la, yo te fè yon sondaj pou evalye bezwen aparèy dijital popilasyon elèv la.

Rapò a te egzamine aksesiblite elèv Distri yo nan 6yèm-11yèm ane eskolè pou yo gen aparèy elektwonik. Li evalye ki aparèy elektwonik elèv yo genyen aktyèlman lakay yo e/oubyen yo te ka pote lekòl epitou si yo te ka jwenn aksè Entènèt andeyò lakay yo.

Sondaj la te detèmine pifò elèv te gen aksè Entènèt lakay yo oubyen nan yon lòt lokasyon andeyò lekòl la. Anplis, yo te pèmèt yo ale sou Entènèt pou fè devwa yo. Mwens pase mwatye elèv ki gen aksè a yon aparèy elektwonik pòtab te panse yo te ka pote aparèy la lekòl.

Katreven pousan elèv yo te evalye yo te gen aksè a swa yon “laptop” (òdinatè pòtab) oubyen yon “tablet” lakay yo, men se sèlman 40 pousan ki te di yo te ka pote l lekòl. Prèske mwatye di yo te alèz avèk toude, liv dijital ak tradisyonèl. Trant-sèt pousan elèv lekòl mwayen te pito liv dijital pandan 39 pousan elèv lekòl segondè te pito liv tradisyonèl.

Aprè sondaj la, yo pral pibliye yon “Request for Information (RFI)” (Demand pou Enfòmasyon) pou aparèy dijital pou idantifye aparèy ki satisfè bezwen enstriksyonèl yo e ki ofri plis sèvis pou pri a.

Referandòm Bon Obligasyon Jeneral Lekòl 21yèm Syèk votè yo te apwouve an novanm dènye, ki gen ladan $100 milyon pou modènizasyon teknolojik, pral bay fon pou transfòmasyon dijital distri a.  Yo pral depanse yon total $82 milyon nan kanpous lekòl yo ki gen ladan $38 milyon pou sistèm pwojeksyon, teknoloji entèraktif, ak sistèm anplifikasyon son.  Yo pral depanse yon lòt $44 milyon pou modènizasyon rezo lekòl yo.

###

13-JJS/157/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès