|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 17 jiyè 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN CARVALHO REKÒMANDE DIMINYE TO TAKS
Sipèentandan Alberto M. Carvalho jodi a rekòmande pou Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade diminye total “millage” (Valè taksab sou pwopriyete pou finanse lekòl) mèt pwopriyete ta peye pou ane fiskal lekòl 2013-2014.
Rekòmandasyon an vini aprè distri lekòl resevwa avi nan men “Tax Appraiser” (Evalyatè Taks) Miami-Dade pouf è konnen taks konte a ap ogmante a kat pousan pi wo ane sa a. Komisyonè Edikasyon Florid ki revize taks ki pwojte sou pwopriyete pou tout distri lekòl ki nan pwosesis pou etabli “Required Local Effort” (Demand Efò Lokal) te konfime enfòmasyon sa a yè byen ta.
Estimasyon Ekonomis Eta a te fè anvan an te estime yonogmantasyon taks sèlman a 1.9 pousan. Diferans la pèmèt Komisyon Konsèy Lekòl yo pou redui Required Local Demand Efò Lokal millage soti 5.295 pou rive 5.183, ki vin pwodui yon gwo ekonomi pou peyè taks yo.
Bidjè 2013-14 pwoteje salklas, depans lekòl ak pwogram bileng yo; pwoteje pwofesè yo e ofri ogmantasyon; e agrandi sipò pou Edikasyon Elèv Eksepsyonèl ak opsyon chwa paran. Bidjè a pwoteje pratikalite ekonomik distri lekòl la e onore pwomès li te fè votè yo pou $5 millage Bon Obligasyon Jeneral pou chak $100,000 valè taksab.
Bidjè a pa pral afekte pwogram elèktif yo, ni li pap redui depans pou sekirite lekòl, aktivite atletik oubyen aktivite aprè lekòl. Yo pap ogmante gwosè biwo santral Distri a. Bidjè a pa fè konpwomi sou bi Distri a an konfòmite avèk manda sou kantite elèv ki nan salklas, e pwofesè yo pap fè fas ak revokasyon pou rezon ekonomik. Li pap pèmèt efè “sequestration” (aksyon ki reklame byen legal jiskaske debitè peye dèt yo) federal afekte sèvis ki ale dirèkteman nan lekòl yo. Bidjè a pap redui rezèv distri a oubyen ogmante millage fonksyonman an.
###
13-JS/159/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |