|
SENDIKA “AMERICAN CIVIL LIBERTIES” FLORID “The American Civil Liberties Union (ACLU)” (Sendika Libète Sivil Ameriken) resamman aplodi “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” Lekòl Leta Miami-Dade County) pou fason distri lekòl la fè demand nimewo sekirite sosyal pandan pwosesis enskripsyon an. Ane dènye, ACLU Florid te fè demand fòm enskripsyon nan tout distri lekòl Florid yo pou mezire konfòmite yo. Aprè revizyon ak evalyasyon, M-DCPS te youn nan 54 distri nan tout eta a ki resevwa yon nòt "A." Nòt yo mezire konfòmite avèk desizyon Lakou Siprèm Etazini nan dosye Plyler kont Doe (1982) ki fè konnen yo pa ka anpeche timoun ilegal ale nan lekòl leta baze sou sitiyation imigrasyon yo. Divizyon Dwa Sivil Depatman Jistis Etazini ak Biwo Dwa Sivil Depatman Edikasyon Etazini te pibliye yon dekrè ki deklare distri lekòl yo pa ta dwe refize enskri elèv ki pa bay yon nimewo sekirite sosyal, e si yon distri lekòl mande yon nimewo sekirite sosyal, li dwe sou baz volontè e li dwe gen yon deklarasyon ki devwale itilizasyon li. Fòm enskripsyon M-DCPS la konplètman devwale demand yon nimewo sekirite sosyal ak itilizasyon li, e bay nimewo sekirite sosyal se yon bagay ki volontè.
### 013-JJS/161/VVL/SD
|