POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 26 jiyè 2013         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN M-DCPS PAMI ‘SA KI PI BON YO’ – LI RANPÒTE PRIM NASYONAL EKSELANS JESYON ASIRANS KONPANSASYON TRAVAYÈ  

Yo nonmen Lekòl Leta Miami-Dade County youn nan twa gayan “National Underwriter (NU)” Prim Nasyonal Ekselans Jesyon Asirans konpansasyon Travayè, ki onore òganizasyon ki gen ekselan pwogram kontwòl pèt, sekirite ak retounen-nan-travay.

Yo pral onore gayan yo pandan 68yèm Konferans anyèl Edikasyonèl Asirans Konpansasyon Travayè ki pwograme pou 18-21 out nan Orlando World Center Marriott.  Pandan konferans la, manadjè asirans nan chak òganizasyon gayan yo pral diskite pwogram prim gayan nasyonal yo.  De (2) lòt gayan yo se American Infrastructure Inc.  ak Aramark Corp.

Biwo Jesyon Asirans ak Benefis distri lekòl la anba direksyon Ofisye Asirans Konpansasyon ak Benefis Scott Clark, yon veteran 28 ane nan sistèm lekòl la e ansyen prezidan “Risk and Insurance Management Society (RIMS)” (Sosyete Jesyon Benefis ak Asirans Konpansasyon), ki se pi gwo sosyete jesyon benefis nan lemond ki gen anplwayè ki soti toupatou nan lemond.

Clark ak ekip li a, ki gen ladan Sipèvizè Asirans Konpansasyon Travayè Rosa Royo, te lanse plizyè inisyativ kle pou jere sekirite nan andwa travay, nan mete sou pye yon kou pou re-angaje doktè yo pou pran posesyon tretman travayè ki blese yo pandan yo bay ekspè Asirans Konpansasyon Travayè yo responsablite pou tout aspè dosye travayè ki blese a.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Scott Clark oubyen Rosa Royo nan 305-995-7130.

 

###

13-JS/162/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès