POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 29 Jiyè 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO PRAL ORATÈ ESPESYAL NAN EVÈNMAN FONDASYON ‘MWEN GEN YON RÈV’, 31 JIYÈ

Sipèentandan Alberto M. Carvalho pral oratè espesyal nan evènman Fondasyon “Mwen Gen Yon Rèv’. Evènman an pral fèt mèkredi 31 jiyè a 6è diswa nan Sant Konferans Chapman nan ki lokalize sou Kanpous Wolfson Kolèj Miami Dade, 300 N.E. 2nd Ave, Miami FL 33132.

Yo te lanse pwogram ‘Mwen Gen Yon Rèv’ la an 1981, lè fondatè Eugene Lang te retounen nan “alma mater” (lekòl lite etidye), PS. 121’ nan East Harlem, pou li te adrese gradyasyon klas sizyèm ane eskolè e li deside pou kòmanse yon angajman pou adopte yon klas jadendanfan antye nan yon lekòl pèfòmans la ba nan yon zòn dezavantaje ekonomikman.  Sa vin mennen kreyasyon Fondasyon “Mwen Gen Yon Rèv“ la, ki gen ladan 35 afilyasyon atravè Etazini an, e youn nan New Zealand.

Se Fanmi Trump ki te fonde Chapit Miami a an 1995.  Fondasyon an adopte elèv ki nan Lekòl Elemantè Charles R. Drew nan Liberty City ak Lekòl Elemantè Hibiscus.  Fondasyon an ofri pwogram leson patikilye, parenn, prevansyon gwosès ak dwòg, klas preparasyon pou kolèj ak konsèy gidans.  Li fè fanmi elèv yo patisipe tou nan montre yo kòman yo ka sipòte siksè akademik timoun yo.

 

###

013-JJS/163/GC/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès