|
DEPATMAN EDIKASYON FLORID PIBLIYE NÒT PÈFÒMANS LEKÒL YO Jodi a, Depatman Edikasyon Florid pibliye Nòt Pèfòmans Lekòl 2013 e kòm nou te anonse, lekòl yo atravè eta a sibi yon bès. Anfèt, pousantaj lekòl A nan tout eta a diminye de prèske yon senkyèm, pandan pousantaj to lekòl D ak F ogmante. Pandan plizyè mwa, ekspè tankou edikatè t ap mande Depatman Edikasyon Florid la pou yo repanse sou aplikasyon tout chanjman sa yo nan metòd kalkil la oubyen li riske kreye yon zouti mezi ki pa bay okenn espwa pou li reflete verite. M-DCPS fè pi bon nòt pase eta a ak lòt konte avwazinant yo. Malgre tranzisyon pou evalyasyon ki nouvo e pi rijd, adisyon eleman nouvo responsablite yo, ak entegrasyon tout elèv nan toude, pèfòmans ak kwasans nan fòmil kalkil nòt la, pwofesè ak elèv Miami-Dade yo toujou montre yo depase kamarad yo nan distri parèy li yo ki gen gwo konsantrasyon elèv ESE ak ELL.
Nou rele nouvèl jodi a "rezilta manipilasyon san rete e anti-syans règleman responsablite yo", Sipèentandan Alberto Carvalho mande Depatman Edikasyon Florid la pou retounen nan sistèm responsablite rezonab eta a. Carvalho endike pi lwen "Menmjan ak lòt defi Distri sa a fè fas, nou ap apwoche sa a tou ak yon plan byen defini ki ap mete enterè avèk byennèt elèv an premye."
### 13-JS/164/RAM/SD
|