POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 30 jiyè 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“CAP, INC.” (KÒPERASYON PWOGRAM ASISTANS KOLÈJ) AP BAY 300 DON BOUS ETID POU KOLÈJ, 1YE OUT

300 elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral defile nan Biltmore Hotel’s Country Club Ballroom a 7è diswa jedi 1ye out, pou yo resevwa don “last dollar” (dènye dola) “College Assistance Program (CAP), Inc.” (Kòperasyon  Pwogram Asistans Kolèj) pou ale nan kolèj. Otèl Biltmore lokalize nan 1200 Anastasia Ave., nan Coral Gables.

Animatè Televizyon Univision 23 Sandra Peebles pral mèt seremoni CAP Inc. Grant Night 2013 la. Kote Prezantatè yo ap gen ladan Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Prezidan CAP Inc. Xavier Martinez, Craig Suterland, Prezidan Jesyon Sante BNY Mellon,  Alfredo Mesa, Direktè Egzekitif, Fondasyon Marlins ak yon konesè espesyal CAP Inc.

Se Manm Komisyon Konsèy ki sèvi pi lontan nan Miami-Dade G. Holmes Braddock, kite fonde li an kolaborasyon avèk Divizyon Sèvis Elèv M-DCPS e Fondasyon Kominotè Dade, CAP, Inc., ki se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki dedye pou asiste divès gradye miltikiltirèl, ki defavorize ekonomikman nan M-DCPS, ki epuize tout mwayen asistans finansye ki disponib.  CAP, Inc. pèmèt yo ale nan kolèj yo chwazi atravè don asistans “last dollar”.

Depi 1979, CAP, Inc. ap travay an kolaborasyon avèk M-DCPS pou ofri plizyè milyon dola nan bous etid pou elèv. Atravè ane yo, plis pase 13,000 elèv resevwa plis pase $11 milyon.

Pous plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Deborah A. Montilla, Direktris Distri, Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7324.

 

###

11-JS/165/HD/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès