POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 7 out 2013         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO CARVALHO POU DEVWALE NOUVO
PWOGRAM YO JODI A

Sipèetandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral devwale nouvo pwogram yo pou lekòl jodi a ki pral sèvi bezwen elèv nou yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County.  Pami yo ap gen ladan prèske 100 nouvo pwogram edikasyonèl k ap ofri pwogram magnet, opsyon diplòm, akademik entènasyonal ak patenarya lekòl.

Prezantasyon nouvo pwogram yo ap fèt jodi a, a 5è nan aprèmidi apwoksimativman nan Oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la nan reyinyon ki pwograme regilyèman an.  Oditoryòm nan lokalize 1450 N.E. 2 Avenue, Miami.

 

###

013-JJS/167/VVL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès