POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 7 out 2013         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO ANONSE NOUVO PWOGRAM ENTERESAN POU ANE LEKÒL 2013-2014
                                           


Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho prezante lis nouvo pwogram pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl mwa out la.  Nouvo pwogram sa yo reprezante yon liy pwodui konpreyansif pou anrichi e ogmante edikasyon elèv distri lekòl la, fanmi, anplwaye ak kominote a.  
 

 

Pwogram sa yo gen ladan: 

  • Nouvo Pwogram Chwa/Magnet: Yo ap kreye karann-de nouvo pwogram chwa/magnet pou ofri nan 38 lekòl avèk branch ki gen ladan: Cambridge, Matematik, Etid Legal, Enfòmatik, ak Ar.
  • Matematik “iPrep”: Pwogram sa a melanje teknoloji avèk ansèyman pèsonalize pou elèv, pou kreye yon vrè eksperyans edikasyonèl 21yèm Syèk nan matyè enpòtan sa a nan 49 lekòl mwayen.
  • Akademi Sèvis Adolesan ak Polis: Polis Lekòl la ap lanse yon seri klib nan yon total senk lekòl, kote yo ap asosye ofisye ki ap jere klib yo avèk adolesan ki an danje yo.  Patisipan yo ap kolabore nan pwojè sèvis piblik, kodisip konseye kondisip ak lòt aktivite ki fèt pou redui krim ak delenkans lakay jèn yo e pou ogmante relasyon pozitif ak bon rezilta nan lekòl.
  • Pwogram Gran Chanpyon:  Pwogram sa a pral ofri aktivite kominote ak sipò pou entegre Gran-Paran yo kòm manm aktif nan kominote lekòl la atravè rekritman yo kòm volontè, Atelye Akademi Paran, evènman espesyal, ak lot sèvis sipò.
  • Inisyativ Ofri Òdinatè ak Aparèy Mobil: Distri a pral envesti nan nouvo òdinatè ak aparèy mobil pou elèv ka sèvi.  Sa fè pati Konvèsyon Dijital Distri a, e li pral elaji aksè a teknoloji, e eksplwate enfrastrikti ki te deja egziste atravè inisyativ “E-Rate” te finanse.  
  • Zòn “WiFi: Elèv pral kapab gen aksè a materyèl edikasyonèl nenpòt kote, depi yo genyen aparèy dijital nan men yo, e lekòl yo pral transfòme an anviwònman “ansèyman an liy” avèk kapasite pou bay aksè Entènèt gratis, patikilyèman nan kominote ki defavorize yo.
  • “STEM” Mobil:  Yon laboratwa endepandan yo pral ajoute sou kantite salklas mobil Distri a.  Li pral sèvi elèv 5yèm ak 8yèm ane eskolè ak elèv biyoloji lekòl segondè.  Laboratwa mobil sa a pral favorize aktivite pratik nan Biyoloji yo pral fè nan lekòl atravè distri a
  • Pis pou aktivite fizik, baze sou teknoloji, anndan lekòl elemantè yo, nan rekreyasyon: Nouvo pwogram sa a pral motive elèv ak pwofesè pou adopte aktivite fizik kòm yon abitid pou lavi diran.
  • Akreditasyon Distri a: Se yon pwosesis rijid ki gen ladan yon revizyon ekstèn global sou pèfòmans, pratik, ak règleman nan lekòl distri a.  Pwosesis sa a ap abouti a yon  Akreditasyon “AdvancED” ap bay, ki ap sètifye M-DCPS  kòm yon Sistèm Lekòl Kalite Siperyè ki pran angajman pou li kontinye fè amelyorasyon.
  • Sant Tranzisyon M-DCPS – FIU: Pwogram sa a pral ofri sipò pou elèv ki gen andikap pandan y ap fè tranzisyon soti nan lekòl segondè pou ale nan kolèj, avèk objektif pou ogmante kantite elèv ki gen andikap ki enskri e ki gradye nan kolèj. 
  • Pòtal Edikasyon pou Elèv Adilt: Pòtal sa a pral ofri yon prezans inifye sou Entènèt la kote moun pral kapab jwenn enfòmasyon, kourikoulòm, dosye, fè randevou, fasilman, e menm regle obligasyon finansye yo.
  • Akademi Elèv Entènasyonal – Patenarya avèk Lachin: Pwogram sa a pral elaji teren kiltirèl Distri a e kreye koneksyon reyèl pou elèv nou yo nan ofri opòtinite pou bonjan echanj enfòmasyon ak lide pami kamarad yo ki gen kilti diferan.   
  • Sètifika – Edikatè Dijital Modènize: Pwofesè Miami-Dade pral gen opòtinite pou yo resevwa fòmasyon ki sou menm liy avèk referans, endikatè, ak konpetans ki asosye avèk itilizasyon efektif teknoloji edikasyonèl. 
  • Pwogram Asistans ak Evalyasyon ant Kòlèg “iHeat”: Li fèt pou konplemante sistèm evalyasyon pwofesè Distri a.  iHeat pral pèmèt pwofesè nan lekòl yo chwazi pou yo patisipe nan obsèvasyon, resevwa sipò e devlopman pwofesyonèl pandan yo ap travay, e resevwa kritik pozitif pou amelyore pèfòmans yo.
  • “Data Dashboard” (Tablo Kontwòl Enfòmasyon):  Se yon zouti ki pral bay efòmasyon rapid sou desizyon ki ap fèt nan Distri a, nan fasilite idantifikasyon fòs ak feblès òganizasyon an.  Li ap ofri aksè a enfòmasyon reyèl sou yon seri Endikatè sou Pèfòmans ki gen rapò ak toude, pèfòmans akademik ak biznis.
  • Pwogram Asirans ki sou Kontwòl Moun ki Asire a:  Pwogram sa a pral ofri yon pi bon benefis asirans pou pwoteje Distri a, pandan l ap pèmèt ekonomize lajan nan ofri benefis asirans ki chè e pafwa difisil pou minorite ki fè soutretans, kòm yon eleman nan inisyativ Distri a.
  • Inisyativ Transfòmasyon Bankè pou Lekòl 21yèm Syèk yo: Distri a pral sèvi avèk teknoloji SAP pou otomatize e redui tranzaksyon finansye tankou pran lajan kach, fè peman, kontabilize e fè negosyasyon lajan nan lekòl yo.
  • Pwogram Distribisyon ak Achte Manje: Nan pwofi ki pral fèt nan ogmantasyon pwodiksyon an, nou antisipe Distri a pral ekonomize omwen $1 milyon nan pri manje chak ane pandan l ap kontinye ofri yon kalite manje ki nourisan.
  • Pwogram Edikasyon e Konsyantizasyon sou Byennèt: Distri a pral kontinye ankouraje anplwaye li yo antre nan aktivite ki fèt pou amelyore byennèt jeneral mendèv nou an
  • Pwogram Fòmasyon Sipèvizè ak Gid Evalyasyon “e-Value”:  Gid la ap asire yo aplike menm kalite estanda atravè distri a, e pou anplwaye sipèvizè Distri a resevwa fòmasyon ak aksè a opòtinite edikasyonèl ki ap ogmante ladrès pwofesyonèl yo. 

###

13-JJS/168/VVL/CM 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès