|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 12 out 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO AP PREZANTE DISKOU ESPESYAL
NAN SOMÈ EDIKASYON FINANSYE DEBAZ
Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral prezante diskou espesyal a 12:40 nan aprèmidi jodi a nan somè finansye k ap fèt nan Sant Marshall Inivèsite Sid Florid. Se Florida Council on Economic Education, Federal Reserve Bank of Atlanta, University of South Florida, ak Florida Bankers Association/Bay Cities Bank ki te fè somè a.
Somè Edikasyon Finansye Debaz Florid la mete sektè biznis, edikasyon ak gouvènman ansanm pou yo pi enfòme sou bezwen kritik elèv lekòl segondè genyen pou edikasyon finansye debaz, resous ki disponib pou ede distri lekòl yo satisfè defi a, e kijan lòt eta jwenn siksè nan enplemante edikasyon finansye pèsonèl efikas nan lekòl yo.
Sipèentandan Carvalho gen lontan depi l ap defann edikasyon finansye debaz pou elèv lekòl segondè e li travay di pou l rekrite e kowòdone resous ki pèmèt elèv akonpli bi sa a.
###
13-JS/169/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |