POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 19 out 2013

       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

RESOUS SOU OUVÈTI LEKÒL DISPONIB POU PARAN SOU ENTÈNÈT,
NAN TELEFÒN

Lendi 19 out 2013, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral ouvè pòt li pou apeprè 333,000 elèv, transpòte plis pase 60,000 elèv nan flòt otobis Distri a, e sèvi 285,000 manje nourisan ki bon pou sante.  Elèv nouvo e ki ap retounen pral gen opòtinite pou fè eksperyans nan yon varyete nouvo pwogram edikasyonèl ak benefis pandan ane lekòl 2013-2014 la.

Pou asiste paran nan prepare premye jou lekòl la, Distri a poste “Back-to-School Kit” (Pake Enfòmasyon sou Ouvèti Lekòl) sou Entènèt nan www.dadeschools.net. Pake a gen enfòmasyon enpòtan sou sijè soti sou chwa lekòl, anwolman doub, demand pou gradyasyon, patisipasyon paran ak sekirite nan lekòl.  Elèv ka benefisye de enfòmasyon ki nan pake a, e paran ka sèvi ak li tou pou jwenn dat ak règ enpòtan konsènan edikasyon pitit yo.

Polis Lekòl Leta Miami-Dade ap ajoute plis sipò pou l ofri plis sekirite nan lekòl yo ane sa a.  Nèf nouvo ofisye te prete sèman 16 out, ki egal a yon total 18 pozisyon nouvo ofisye yo deplwaye nan lekòl.  Yo pwograme pou anboche 18 lòt ofisye polis pandan ane lekòl la, pou pwogresivman rive nan bi deplwaman 36 nouvo pozisyon.

M-DCPS pral ouvri senk bibliyotèk lekòl pou sèvi piblik la aprè anons fèmti bibliyotèk konte a, akoz rediksyon nan bidjè li.  Senk sant medya yo anndan sant teknik edikasyonèl ki ouvri ta nan aswè. 

Nouvote ki gen ane sa a, se Depatman Manje ak Nitrisyon M-DCPS ki ap ofri yon ekstansyon sèvis goute aprè lekòl, pwogram “Snack Plus”, nan lekòl ki gen nesesite ekonomik yo chwazi. 

Pou plis enfòmasyon, vizite www.dadeschools.net pou pake enfòmasyon sou ouvèti lekòl la ki sou Entènèt la oubyen rele liy enfòmasyon sou ouvèti lekòl Distri a nan 305 995-3000 ant 8è dimaten e 4è nan aprèmidi.

 

###

013-JJS/170/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès