|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 14 out 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS AP OUVRI SENK BIBLIYOTÈK LEKÒL POU PIBLIK LA
Manm Komisyon Konsèy Carlos Curbelo prezante ide a pou diminye chòk fèmti County an.
Lekòl Leta Miami-Dade County pral ouvri senk bibliyotèk lekòl pou sèvi piblik la aprè anons county an pou l fèmen bibliyotèk akoz rediksyon nan bidjè li. Senk sant medya yo ap nan sant edikasyonèl teknik ki kouramman gen lè pwolonje.
Semèn dènyè, Komisyon Konsèy Miami-Dade andose alinanimite yon pwopozisyon manm Komisyon Konsèy Carlos Curbelo fè pou pwolonje itilizasyon sant medya ak bibliyotèk nan lekòl yo. Yo pwograme pou fèmen apwoksimativman 14 bibliyotèk piblik Miami-Dade ann otòn nan.
Kòmanse lendi 19 out – ki se premye jou lekòl tou – piblik la ap gen aksè a liv, jounal, Entènèt la ak lòt resous edikasyonèl sou plas, nan andwa k ap suiv yo:
LEKÒL |
LÈ FONKSYÒNMAN |
Lendi – Jedi |
Vandredi |
D.A. Dorsey Educational Center
7100 N.W. 17th Ave.
Miami, FL 33147 |
8è dimaten – 9è diswa |
8è dimaten – 4è nan aprèmidi |
Lindsey Hopkins Technical Center
750 N.W. 20th St.
Miami, FL 33127 |
8è dimaten – 9è diswa |
8è dimaten – 4è nan aprèmidi |
Miami Lakes Educational Center
5780 N.W. 158th St.
Miami Lakes, FL 33014 |
3:30 nan aprèmidi – 9:30 diswa |
3:30 nan aprèmidi – 8è diswa |
Robert Morgan Educational Center
18180 S.W. 122nd Ave.
Miami, FL 33177 |
3:30 nan aprèmidi – 8:30 diswa |
3:30 nan aprèmidi – 7è diswa |
South Dade Educational Center
109 N.E. 8th St.
Homestead, FL 33030 |
2è nan aprèmidi – 5:30 nan aprèmidi |
2è nan aprèmidi – 4è nan aprèmidi |
###
13-JS/173/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |