POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 14 out 2013

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ETE…YON BON LÈ POU APRANN LADRÈS INOVATIF SOU TEKNOLOJI

Pandan pifò timoun ap amize yo ak sa ki rete nan vakans ete yo, kèk elèv nan pwogram Akademi Karyè “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) nan lekòl segondè Booker T. Washington, Miami Central ak Miami Jackson ap aprann devlope jwèt. Elèv te rafine ladrès teknolojik yo nan sèvi ak pwogram “Microsoft Windows 8” ak “Game Maker” nan yon sesyon twa jou ki fèt nan laboratwa òdinatè dènye kri kanpous prensipal “Florida International University’s (FIU)” (Inivèsite Entènasyonal Florid) la.

Atelye a se te yon patenarya ant M-DCPS, FIU ak Microsoft.  Fòmasyon nan kan kòd la te ofri elèv yon opòtinite pou vin non sèlman itilizatè jwèt òdinatè, men tou otè aplikasyon jwèt; konsa, yo ap fè pon ant teknoloji ak panse antreprenarya nan enstriksyon salklas.

Akademi NAF yo fonksyone kòm patenarya dinamik ak kolaborasyon ant lekòl, pwofesè, administratè, volontè biznis, ak yon komisyon konsèy aktif anba direksyon endistri ak pwofesyonèl edikasyon siperyè dirije. Elèv Akademi NAF yo konplete etid sijè debaz yo avèk yon konsantrasyon sou youn nan tèm karyè ki ap suiv yo:  Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, Jeni oubyen Syans Sante.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Pwofesè Anchaj Akademi an nan chak lekòl respektif oubyen rele Biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan 305.995.1922 oubyen vizite http://yourchoicemiami.org.

###

13-JS/174/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès