|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 15 out 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS AP ENPLEMANTE ESTANDA DEBAZ KOMEN ETA A
Florid se youn nan 45 eta ki adopte “Common State Standards” (Estanda Debaz Komen Eta) a evalye estanda sa yo nan pwochen de ane yo. Yo te mete estanda yo ansanm nan sèvi ak ide piblik ki paran, pwofesè, elèv, pwofesyonèl edikasyon, lidè biznis ak moun k ap fè lwa.
Nouvo estanda yo pral mande pou elèv metrize mwens estanda edikasyon nan yon nivo konpreyansyon ki pi wo. Yo pral aksantye sou panse kritik ak rezoud pwoblèm. Estanda rijid yo pral prepare elèv e pèmèt yo fè konpetisyon nan yon ekonomi global. Bi final efò sa a se pou prepare elèv nou yo pou kolèj ak karyè.
Lekòl Leta Miami-Dade County t ap enplemante “Common Core State Standards (CCSS)” (Estanda Debaz Komen Eta) a nan klas jadendanfan a 2yèm ane eskolè depi dezan.
Ane lekòl sa a, distri lekòl la ap ofri yon kourikoulòm melanje nan jadendanfan a 12yèm ane eskolè – ki melanje toude, “Next Generation Sunshine State Standards (NGSSS)” (Estanda Pwochen Jenerasyon Eta ‘Sunshine’) la ak CCSS la nan “English Language Arts (ELA)” (Lekti/Redaksyon Anglè) ak matematik. Yo pral evalye elèv nan ELA ak matematik nan prentan 2014 sou NGSSS atravè FCAT 2.0 a ak egzamen “End of Course (EOC)” (Fen Kou) yo.
Nan ane lekòl 2014-2015 la, M-DCPS pral sevèman enplemante CCSS yo. Distri lekòl la ap tann mo Depatman Edikasyon Florid la sou evalyasyon yo pral itilize a.
Pou yon echantiyon sou sa elèv yo pral travay ane sa a, sijè pou paran diskite avèk pwofesè pitit yo, e kijan pou yo ede pitit yo travay lakay, nou ankouraje paran yo pou yo vizite: http://pta.org/content.cfm?ItemNumber=2909. Machasuiv yo disponib daprè nivo ane eskolè nan toude, Anglè ak Espayòl.
###
13-JJS/175/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |