M-DCPS PRAL OFRI EKSTANSYON TI REPA APRÈ LEKÒL Nan nouvo nan ane lekòl sa a, Depatman Manje ak Nitrisyon “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap ofri yon ekstansyon sèvis “snack” (ti repa) aprè lekòl, pwogram “Snack Plus,” nan lekòl yo chwazi ki nan bezwen ekonomik. Pwogram sa a disponib atravè pwogram “Department Health Child Care Food” (Depatman Manje Swen Sante Timoun). Elèv ki ap patisipe nan lekòl ki gen pwogram Snack Plus la ap resevwa Snack Plus nourisan, byen balanse ki gen tout gwo eleman nan gwoup manje yo ki gen ladan frui ak vejetab nan fen jounen lekòl la. M-DCPS kontinye sèvi dejene GRATIS pou tout elèv chak jou nan tout lekòl nan Distri a. Pou aplike pou repa midi gratis oubyen nan pri redui, fanmi yo dwe ranpli yon aplikasyon ‘‘2013-14 Family Meal’’ oubyen sou Entènèt nan http://nutrition.dadeschools.net oubyen nan voye yon kopi aplikasyon enprime a bay lekòl kote pitit ou a ki pi jèn nan ale. Ranpli yonsèl aplikasyon pou chak kay. Lekòl yo voye aplikasyon papye bay tout fanmi avèk yon lèt yo adrese bay paran/gadyen nan premye jou lekòl la. Enfòmasyon yo bay sou aplikasyon an ap sèvi pou detèmine elijiblite yo e yo ka verifye yo nenpòt lè pandan ane lekòl la. Elèv yo ka peye davans pou repa midi sou Entènèt nan www.PayPams.com oubyen nan kafeterya lekòl la ak chèk oubyen kach. Pri konplè pou repa midi lekòl elemantè se $2.25, lekòl mwayen ak lekòl segondè se $2.50, pri redui repa midi pou tout nivo ane eskolè se 40 santim. NOTE: Yo tache anba a yon lis lekòl ki pral ofri pwogram Snack Plus.
### 13-JJS/176/DF/SD
|