POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 16 out 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

Lwa Federal mande pou Lekòl Leta Miami-Dade County pibliye enfòmasyon ki nan lis anba a.


DEPATMAN MANJE AK NITRISYON  
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY

Anonse règ li yo pou Repa Gratis ak nan Pri Redui pou elèv anba

PWOGRAM NASYONAL REPA MIDI AK DEJENE LEKÒL.

Nenpòt moun ki enterese ka revize yon kopi règ la nan kontakte
DEPARTMENT OF FOOD AND NUTRITION
7042 WEST FLAGLER STREET
MIAMI, FLORIDA  33144-2703 / 786-275-0400


Yo voye fòm aplikasyon an avèk yon lèt lakay pou tout paran oubyen gadyen.  Pou aplike pou manje Gratis oubyen nan Pri Redui, manm fanmi nan kay la dwe ranpli aplikasyon an e voye l tounen nan lekòl kote pitit ou a ki pi jèn nan ale.  Ranpli yon aplikasyon sèlman pou chak kay.  Kopi adisyonèl disponib nan biwo direksyon nan chak lekòl ann Espayòl, Anglè ak an Kreyòl. Yo ap itilize enfòmasyon ou bay nan aplikasyon an nan bi pou detèmine elijibilite e yo ka verifye nenpòt lè pandan ane lekòl la.  Nou ka soumèt aplikasyon nenpòt lè pandan ane a.  Manm nan kay la ka aplike tou pou manje gratis/nan pri redui elektwonikman nan ale sou http://nutrition.dadeschools.net.

Yo ap itilize kritè kantite moun ki nan kay la ak revni yo pou detèmine elijibilite yo. Nou ap jwenn kritè sa yo nan dezyèm paj dokiman sa a.  Timoun ki soti nan fanmi ki gen revni nan oubyen anba nivo yo montre a, ka elijib pou Manje Gratis oubyen nan Pri Redui.  Yo pa ka apwouve yon aplikasyon amwenske li gen tout enfòmasyon elijibilite yo konplè.  Yon fwa li apwouve benefis manje yo bon pou tout yon ane.  Ou pa bezwen avize distri a chanjman nan revni w ak kantite moun ki nan kay la.

Yo mande pou kay ki resevwa ‘‘SNAP (Supplemental Nutrition Assistance Program)’’ (Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè) oubyen ‘‘TANF (Temporary Assistance to Needy Families)’’ (Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen) pou yo mete nan aplikasyon an non ak nimewo dosye moun ki resevwa benefis la.  Sote seksyon 2, 4, 6 ak 7 nan aplikasyon an.  Yo ap pwolonje benefis manje gratis bay tout timoun ki nan kay lè yo mete nimewo SNAP/TANF nan aplikasyon an.

Timoun leta ap okipe ap resevwa benefis manje gratis kèlkeswa revni pèsonèl timoun nan oubyen revni kay kote yo abite a, e yo ka mete yo kòm yon manm fanmi timoun leta ap okipe si fanmi timoun leta ap okipe a chwazi aplike pou benefis tou.  Si fanmi timoun leta ap okipe a pa elijib pou manje gratis oubyen nan pri redui, li pap anpeche yon timoun leta ap okipe resevwa benefis manje gratis.

Kay ki gen timoun yo konsidere kòm migran, sanzabri, oubyen moun ki sove kite kay yo dwe kontakte lyezon distri a, nan (305) 995-7318 pou kondisyon konfimasyon Sanzabri/Sove Kite Kay oubyen (305) 258-4115 pou konfimasyon kondisyon Migran.

Nan bi pou yo ka detèmine kantite moun ki nan kay la, yo konsidere manm fanmi ki ale nan sèvis militè kòm moun fè ki pati nan kay la.  Fanmi yo dwe mete non moun ki ale nan sèvis militè yo nan aplikasyon an.  Yo dwe repòte sèlman pòsyon revni moun ki nan sèvis militè a ki disponib pou yo oubyen nan non yo pou fanmi an.  Adisyonèlman, ou pa dwe mete ladan kòm revni lajan pou lojman ki se pati Inisyativ Lojman Privatizasyon Militè.

Tout lòt kay dwe bay enfòmasyon ki ap suiv la nan aplikasyon an:

  • Non tout elèv nan kay la – bay nimewo idantifikasyon elèv yo, dat nesans, non lekòl yo ale e tcheke swa bwat "no income” (pa gen revni) si li aplikab oubyen bay revni elèv la
  • Non tout moun ki ap viv nan kay la – tcheke bwat "no income” (pa gen revni) si li aplikab oubyen bay revni manm fanmi ki nan kay la
  • Total revni kay la resevwa anvan taks, kalite revni (pa egzanp salè, sipò pou timoun, elatriye) e konbyen fwa chak manm fanmi an resevwa revni a (an dola ak santim)
  • Siyati yon adilt nan kay la ki sètifye enfòmasyon yo bay la kòrèk
  • Dènye kat chif nimewo sosyal sekirite adilt ki siyen aplikasyon an.  Si manm fanmi sa a pa gen yon nimewo sosyal sekirite yo dwe ekri mo "OKENN" oubyen mete yon X nan bwat "Pa Gen SSN."

Si w elijib kounye a men gen yon prediksyon nan revni kay la, ou pèdi travay, kantite fanmi an ogmante, oubyen ou vin elijib pou benefis SNAP, TANF oubyen FDPIR, ou ka ranpli yon aplikasyon lè sa a.  Chanjman sa yo ka fè elèv la kalifye pou manje nan pri redui oubyen gratis si revni kay la tonbe nan oubyen anba nivo yo montre a.

Elèv yo ka peye davans pou repa midi sou Entènèt nan www.PayPams.com, oubyen nan kafeterya lekòl la ak chèk oubyen kach.  Yo ap voye enfòmasyon sou ‘‘PayPams’’ lakay elèv yo ansanm ak aplikasyon manje gratis/nan pri redui a nan premye jou lekòl la. Yo sèvi tout elèv Lekòl Leta Miami-Dade County dejene sa ou pa peye chak jou.  Pri repa midi lekòl elemantè se $2.25.  Lekòl mwayen ak lekòl segondè se $2.50.  Pri redui Repa midi se 40 santim.

Anba atik règ manje Gratis ak nan Pri-Redui a Direktè Administratif oubyen moun li deziye pral revize aplikasyon pou detèmine elijibilite.  Si yon paran oubyen gadyen pa satisfè ak desizyon ofisyèl la, li ka vle diskite desizyon an ak anplwaye nan Biwo Distri a (786) 275-0400 Ekstansyon 5000 sou yon baz enfòmèl.  Si paran an vle fè yon apèl fòmèl, li ka fè yon demand swa oralman oubyen alekri bay Direktè Fonksyonman an nan (786) 275-0469.

GID ELIJIBILITE REVNI FLORID
POU MANJE GRATIS E NAN PRI REDUI

Efektif apati 1ye jiyè 2013 pou 30 jen 2014

 

Echèl Manje Gratis se 130% Nivo Povrete Federal

Kantite Moun ki nan Kay la

Anyèl

Mansyèl

De Fwa pa Mwa

Chak De Semèn

Pa Semèn

1

14,937

1,245

623

575

288

2

20,163

1,681

841

776

388

3

25,389

2,116

1,058

977

489

4

30,615

2,552

1,276

1,178

589

5

35,841

2,987

1,494

1,379

690

6

41,067

3,423

1,712

1,580

790

7

46,293

3,858

1,929

1,781

891

8

51,519

4,294

2,147

1,982

991

Pou chak manm fanmi adisyonèl, ajoute

5,226

436

218

201

101

 

Echèl Manje Pri Redui se 185% Nivo Povrete Federal

Kantite Moun ki nan Kay la

Anyèl

Mansyèl

De Fwa Pa Mwa

Chak De Semèm

Pa Semèn

1

21,257

1,772

886

818

409

2

28,694

2,392

1,196

1,104

552

3

36,131

3,011

1,506

1,390

695

4

43,568

3,631

1,816

1,676

838

5

51,005

4,251

2,126

1,962

981

6

58,442

4,871

2,436

2,248

1,124

7

65,879

5,490

2,745

2,534

1,267

8

73,316

6,110

3,055

2,820

1,410

Pou chak manm fanmi adisyonèl, ajoute

7,437

620

310

287

144

Pou detèmine revni anyèl:

  • Si w resevwa revni an chak semèn, miltipliye total revni anvan taks la pa 52.
  • Si w resevwa revni an  chak de semèn, miltipliye total revni anvan taks la pa 26.
  • Si w resevwa revni an de fwa pa mwa, miltipliye total reveni anvan taks la pa 24.
  • Si w resevwa revni an pa mwa, miltipliye total revni anvan taks la pa 12.

Sonje:  Ou dwe repòte montan total revni anvan taks, sekirite sosyal, benefis sante, peman inyon, oubyen lòt dediksyon anvan taks.

The U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), entèdi diskriminasyon kont kliyan, anplwaye, e aplikan li pou anplwa sou baz ras, koulè, nasyonalite orijin, laj, andikap, sèks oubyen idantite maskilen/feminen, relijyon, reprezay, e lè li aplikab, kwayans politik, kondisyon marital, kondisyon familyal oubyen parantal, oryantasyon seksyèl, oubyen si tout oubyen yon pati nan revni yon endividi soti nan yon pwogram asistans piblik, oubyen enfòmasyon jenetik ki pwoteje nan anplwa oubyen nan nenpòt pwogram oubyen aktivite Depatman an fè oubyen finanse. (Yo pap aplike tout baz entèdiksyon yo nan tout pwogram e/oubyen aktivite anplwa yo).   

Si w vle pote yon plent Dwa Sivil pou diskriminasyon nan pwogram nan, ranpli Fòm “USDA Program Discrimination Complaint” (Pwogram Plent Diskriminasyon USDA) w ap jwenn sou Entènèt nan http://www.ascr.usda.gov/complaint_filing_cust.html, oubyen nan nenpòt biwo USDA, oubyen telefone (866) 632-9992 pou mande fòm nan. Ou ka ekri tou yon lèt ki gen tout enfòmasyon yo mande nan fòm nan. Voye fòm plent ou ranpli a oubyen lèt pa lapòs nan U.S. Department of Agriculture, Director, Office of Adjudication, 1400 Independence Avenue, S.W., Washington, D.C. 20250-9410, pa faks (202) 690-7442 oubyen lèt elektwonik nan program.intake@usda.gov.

Moun ki soud, ki pa tande byen oubyen ki gen andikap pou pale ka kontakte USDA atravè Sèvis Transmisyon Federal nan (800) 877-8339; oubyen (800) 845-6136 (ann Espayòl). 

USDA se yon founisè ak anplwayè ki bay tout moun opònite egal ego.

Rev. 7.26.13

 

###

13-JS/177/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès