POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 16 out 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY DISPONIB
POU MEDYA NAN OUVÈTI LEKÒL LA

Dimanch 18 out, kòmanse 9è pou 11è dimaten, Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral fè yon dènye pase men sou ekspansyon iPrep Academy ak Primary Learning Center. Carvalho sèvi kòm direktè toude lekòl sa yo, ki lokalize nan 1500 Biscayne Blvd.  Medya a ka rantre atravè pòt lekòl la nan N.E. 15 Terrace.

Lendi 19 out, Sipèentandan an pral kòmanse ane lekòl 2013-2014 nan pran dejene avèk chofè otobis yo, kòmanse 5:10 dimaten pou 6è dimaten, nan Northeast Transportation Center e li ap asiste deplasman yo pou wout jounalye yo. Sant Northeast lokalize nan 5901 N.W. 27th Ave.

Kòmanse 7:50 dimaten pou 8:20 dimaten Sipèentandan Carvalho pral jwenn ak Miami HEAT pou l akeyi elèv nan Lekòl Elemantè Flagami, 920 S.W. 76th Ave.

Kòmanse 8:55 dimaten pou 9:30 dimaten Prezidan FIU Mark B. Rosenberg pral jwenn Sipèentandan Carvalho pou pale ak medya a nan MAST@FIU, yon lekòl “magnet” (kou espesyalize) sou Kanpous Biscayne Bay FIU a nan North Miami Beach. Medya a ka repòte nan Academic One (AC1) sou Kanpous Biscayne Bay FIU a nan North Miami Beach, 3000 N.E. 151st St., North Miami, 33181.

E finalman, kòmanse 11:40 dimaten pou midi. Carvalho pral akeyi elèv nan yon nouvo pwogram ar nan Lekòl Mwayen Zelda Glazer, 15015 S.W. 24th Street, Miami.

 

###

13-JS/178/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès