POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 out 2013

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN SIPÈENTANDAN M-DCPS ALBERTO M. CARVALHO
POU ONORE LI NAN 26YÈM PRIM ERITAJ ISPANIK 

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho pral rankontre ak aktris Eva Longoria, Chèf José Andrés, aktè/direktè Diego Luna ak plizyè lòt endividi distenge pou resevwa Prim Eritaj Ispanik la 5 septanm nan Washington, D.C.

Yo pral fete Carvalho ak gwoup moun selèb ki ap resevwa onè yo nan John F. Kennedy Center for the Performing Arts pou kontribisyon yo nan fyète kilti Ispanik la ak akonplisman yo. Target, yo nonmen kòm patwonè k ap prezante seremoni an, pral prezante Sipèentandan Carvalho Prim Edikasyon an.

Lòt moun ki ap resevwa Prim Eritaj Ispanik 2013 la gen ladan:

·  Aktris Eva Longoria, Prim Sèvis Kominotè
·  Gwoup Mizikal Los Tigres Del Norte, Prim Lejann
·  Chèf José Andrés, Prim Desen Capital One ap prezante
·  Prezidan Voto Latino Maria Teresa Kumar, Prim “Leadership” (Kapasite pou Dirije) Southwest Airlines ap prezante
·  Aktris ak Chantez Lucero, Prim Vizyon Hershey’s ap prezante
·  Aktè/Direktè/Pwodiktè Diego Luna, Prim Inspira Youth Segment ap prezante
·  Chofè Machin Kous Juan Pablo Montoya, Prim Espò Bud Light ap prezante
·  “National Math and Science Initiative” (Inisyativ Nasyonal Matematik ak Syans), yon òganizasyon ki pa la pou pwofi, PrimSTEM (Science, Technology, Engineering, Math)” (Syans, Teknoloji, Jeni, Matematik)” ExxonMobil ap prezante

Evènman Prim Eritaj Ispanik la se espesyalite Fondasyon Eritaj Ispanik la e li sèvi kòm lansman pou misyon ki resevwa prim yo a pou enspire, idantifye, prepare e pozisyone lidè Ispanik nan salklas, komite ak travay pou satisfè priyorite Amerik yo. Prezidan Ronald Reagan te etabli Prim Eritaj Ispanik yo an 1987 pou komemore kreyasyon Mwa Eritaj Ispanik la.

###

13-JS/179/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès