POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 26 out 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ENVITE SIPÈENTANDAN CARVALHO NAN YON SOMÈ TWA JOU SOU RESPONSABLITE NAN EDIKASYON AVÈK GWO LIDÈ NAN ETA A

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho se youn nan twa sipèentandan nan Florid Gouvènè Rick Scott envite nan yon somè lidè edikasyon Florid pou diskite dirabilite ak transparans sistèm responsablite eta a pou asire chak elèv gen opòtinite pou jwenn siksè.

Yo ap konvoke Somè Responsablite nan Edikasyon an kòmanse lendi 26 out a 1è nan aprèmidi jiska mèkredi 28 out a 4è nan aprèmidi nan EpiCenter Collaborative Labs nan St. Petersburg College, 13805 58th Street North, nan Clearwater.

Bi somè a se pou ofri opòtinite pou diskite ouvètman ide ak opsyon pou kontinye amelyore sistèm lekòl leta Florid.  Gouvènè a mande Komisyonè Edikasyon Pam Stewart pou dirije somè a ak yon konsantrasyon sou kat priyorite estratejik: Estanda Eta yo, Evalyasyon Estanda Eta yo, Nòt Lekòl, ak Evalyasyon Pwofesè.

Pou gade difizyon reyinyon an andirèk, vizite http://www.fldoe.org/default.asp.

 

###

13-JS/183/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès