POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 27 out 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

EKSPOZISYON LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
METE ANSANM EKSPÈ ATIS AVÈK EDIKATÈ AR

Enstalasyon ekspozisyon an ap fèt nan Mize Coral Gables 6-29 septanm 2013

Depatman Ar Vizyèl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap prezante ekspozisyon san parèy, “Artistic License” (Lisans Atistik), nan Mize Coral Gables la.  Ekspozisyon an pral ekspoze atis ekspè ki soti Miami ak lòt kote, ansanm avèk enstriktè ar vizyèl yo te konn anseye.  Ap gen yon resepsyon espesyal pou ouvri ekspozisyon an vandredi 6 septanm 2013, kòmanse a 6è pou 9è diswa nan Mize Coral Gables la, ki lokalize nan 285 Aragon Avenue.  Resepsyon an gratis e li ouvè pou piblik la.  Yo ap prezante ekspozisyon an nan Sal Reyinyon Kominotè nan Mize Coral Gables la jiska 29 septanm 2013.

Ekspozisyon sa a, ekspè jije, pral ofri yon koudèy eksepsyonèl non sèlman sou travay atis yo nan yon varyete medya, men sou kijan yo enspire edikatè ar yo pou yo rekonekte avèk ensten atistik yo aprè yo fin sèvi kòm edikatè nan ar pou plizyè ane.

Depi 2010, Depatman Ar Vizyèl ak Pèfòmans M-DCPS ap fè mini atelye ete avèk etid estidyo konsantre Konsil Ar Kiltirèl ak Depatman Zafè Kiltirèl Miami-Dade County, majistra a ak Komisyon Komisyonè Miami-Dade County finanse.

Rezilta anviwònman estidyo kolaboratif patikilye sa a se yon koleksyon travay distenge nan yon varyete medya nan fòm 2-dimansyon ak 3-dimansyon. Prezantasyon an ap gen ladan travay Elaine Abbe, Abdiel Acosta, Ken Arguinzoni, Ray Azcuy, Pablo Cano, Meme Ferre, Charles Humes, Lucinda Linderman, Stephen Mack, Alejandro Mendoza, Melissa Maxfield-Miranda, Shelly McCoy, Scott McKinley, Leslie Mitchell-McKinley, Catherine Rivera, Alina Rojo, Carlos Sanjurjo, ak Mirena Suarez.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Mabel Morales, Sipèvizè Distri, Ar Vizyèl, oubyen Alina Rodriguez, Espesyalis Sipò Kourikoulòm, nan 305 995-1930.

 

###

013-JJS/184/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès