|
SCHOLASTIC REKONÈT SIPÈENTANDAN LEKÒL YO KÒM YON Magazin Administr@tor Scholastic la te resamman rekonèt Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho kòm yon lidè edikasyonèl enfliyan. Magazin sou Entènèt la te rekonèt senk lidè edikasyonèl atravè tout peyi a ki simonte defi e inisye chanjman trèzenpòtan nan sistèm lekòl respektif yo. Yo te rekonèt Carvalho paske li amelyore sitiyasyon finansye Lekòl Leta Miami-Dade County, kreye Akademi iPrep yo, ogmante to gradyasyon yo, andose teknoloji, sèvi ak enfòmasyon ki amelyore edikasyon e jwenn fon adisyonèl. Magazin sou Entènèt la bay Sipèentandan an kredi paske li mande meyè enstriksyon ak lidè lekòl, ki te kontribye nan plizyè akonplisman distri a. Klike sou lyen sa a pou wè atik la nan http://www.scholastic.com/browse/article.jsp?id=3758194
### 13-JJS/185/DF/RL
|