POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 4 septanm 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO CARVALHO PRAL ‘OVER THE EDGE’ (FÈ YON AKSYON EKSEPSYONÈL) ANKÒ POU “MIAMI CHILDREN’S INITIATIVE”

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral glise desann soti nan 19yèm etaj youn nan bilding ki pi wo anba lavil la, JW Marriott Marquis Miami, vandredi 6 septanm a 5è nan aprèmidi pandan dezyèm evènman anyèl “Over the Edge” pou kolekte lajan pou benefisye fanmi nan zòn Liberty City.  Otèl Marriott la lokalize nan 255 Biscayne Blvd. Way. 

Evènman de (2) jou sa a, pral benefisye Miami Children’s Initiative, yon òganizasyon ki ap travay avèk jèn, paran, rezidan, ak lòt moun pou benefisye Liberty City nan ofri aksè a bon lekòl ak sipò pou elèv, pou yo ka gradye nan lekòl segondè e ale nan kolèj.

Patisipan nan “Over the Edge” yo dwe kolekte yon minimòm $1,500 pou benefisye Miami Children’s Initiative, yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki konsantre sou transfòmasyon Liberty City pou fè l tounen yon kominote ki ap pwospere.   

Pou plis enfòmasyon, vizite http://www.otemiami.com/ 

###

13-JS/188/HD/CM   

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès