|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 9 septanm 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
“SCHOOL FOR ADVANCED STUDIES” PRAL FÈ DE SESYON ENFÒMASYON SOU ADMISYON KOLÈJ BONÈ POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ, 28 SEPTANM
“School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), pral fè sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 28 septanm pou ane lekòl 2014-2015 la, nan de (2) kanpous “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Miami Dade). Kanpous Homestead, 500 College Terr. ap fè sesyon li a 1è nan aprèmidi nan Bilding F, Chanm F222; e Kanpous Kendall, 11011 S.W. 104th St., ap fè sesyon li a 9è dimaten nan Jimnazyòm Bilding 7000 la. SAS, se yon lekòl segondè aplentan, yo rekonèt nasyonalman, anwolman doub, Magazin Newsweek te klase an me 2013 kòm 6yèm Meyè Lekòl Segondè nan Amerik.
Yo envite tout elèv ki prale nan 10yèm ane eskolè Miami-Dade County ki gen yon mwayèn jeneral 3.0 minimòm pou yo aplike, e yo ka vin elijib pou admisyon lè yo fin satisfè tout demand pwogram nan, ki gen ladan resevwa nòt minimòm egzamen antre kolèj SAS la. Plas yo limite. Lè kantite aplikan elijib yo depase kantite plas ki disponib, yo ap itilize yon pwosesis seleksyon pa aza.
Elèv ki ale nan SAS fini de dènye ane lekòl segondè yo pandan yo prale nan MDC e, nan plizyè ka, yo gradye an menm tan avèk toude, yon diplòm lekòl segondè ak yon diplòm “Associate of Arts”. Elèv yo ap fè vrè eksperyans kolèj paske toude, kou anwolman doub yo ak kou lekòl segondè “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) yo fèt sou kanpous MDC yo. Tout kou lekòl segondè yo se kou nivo AP eksepte kou preparatwa “Calculus” (Kalkil) ak rechèch.
Elèv yo resevwa ekolaj, frè, liv gratis, e si yo elijib, y ap resevwa otobis lekòl ak transpòtasyon nan tren “Metrorail” Lekòl Leta Miami-Dade County finanse.
SAS lokalize nan kat kanpous MDC: Homestead, Kendall, Nò ak Wolfson. Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, rele 305-237-0510 oubyen vizite sit Entènèt SAS la: http//sas.dadeschools.net.
###
13-JJS/189/DF/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |