|
19 LEKÒL LETA MIAMI-DADE RANPÒTE PI GWO ONÈ POU LEKÒL ANSANTE Alyans pou yon Jenerasyon ki pi Ansante rekonèt diznèf lekòl leta Miami-Dade kòm lekòl ki pi ansante nan peyi a. Yo ap onore yo nan Fowòm Pwogram Lekòl Ansante a 29 septanm pou 1ye oktòb 2013 nan Little Rock, Ark. Lekòl yo elijib pou Prim Rekonesans Nasyonal Bwonz, Ajan, Lò oubyen Platin, baze sou akonplisman yo, manje lekòl yo, edikasyon sante ak fizik e byennèt anplwaye. Men lekòl y ap onore yo:
Yo lanse Pwogram Lekòl Ansante, ki te etabli an 2006 la, nan 231 lekòl nan 13 eta pou adrese ogmantasyon to obezite timoun. Aktyèlman pwogram nan, nan plis pase 18,000 lekòl nan tout 50 eta yo, nan “District of Columbia” ak Pòtoriko. Alyans pou yon Jenerasyon ki pi Ansante se yon patenarya ant Fondasyon William J. Clinton ak Asosyasyon Ameriken kont Maladi Kè ki fèt pou kreye yon sistèm ki fè chwa sante vin chwa ki fasil la.
### 13-JJS/190/DF/RL
|
|||||