POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 5 septanm 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

GRAN LIY ‘DISKOU 2013 SOU ETA SISTÈM LEKÒL LA’ CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL PERLA TABARES HANTMAN TE PREZANTE

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Perla Tabares Hantman te prezante yon rapò sou pwogrè ak defi lekòl leta Miami-Dade County te rankontre pandan Diskou 2013 sou Eta Sistèm Lekòl la, madi pase, nan reyinyon regilye komisyon konsèy la fè chak mwa.  Kesyon li te adrese nan rapò sa a gen ladan pèfòmans elèv ak reyalizasyon ekstrawòdinè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè ane pase.  Gran pwen yo gen sa ki ap suiv yo:            

  • M-DCPS reyalize pi gwo to gradyasyon nan listwa - 80 pousan - li depase eta a.
  • Apre senk nominasyon, yo te seleksyone Miami-Dade kòm gayan “Broad (Brōde) Prize for Urban Education” pami 15,000 distri lekòl nan tout peyi a.  Prim prestijye sa a rekonèt espesifikman amelyorasyon nan pèfòmans elèv ak rediksyon eka nan pèfòmans pou elèv ki nan minorite ak sa ki ekonomikman defavorize yo.       
  • Komisyon Kolèj la rekonèt siksè M-DCPS nan prepare elèv pou yo reyisi nan kou plasman avanse yo.  Distri a pami sistèm lekòl ki bay pi gwo pèfòmans nan peyi a pou Ispanik ak Afriken Ameriken ki fè gwo nòt nan egzamen plasman avanse yo.      
  • Li sekirize plis pase $9 milyon nan finansman federal pou “Safe Routes to School Infrastructure Projects” (Pwojè Enfrastrikti Ale Lekòl Ansekirite), pou ede asire elèv yo ansekirite lè yo deplase ale lekòl e lè y ap soti lekòl.
  • Distri a fè prestasyon sèman pou nèf nouvo ofisye polis, e li nan pwosesis pou li anplwaye 18 lòt.
  • Inisyativ “Wireless” yo finanse atravè pwogram Federal “E-rate” ansanm ak finansman kontribisyon egal manm kominote a ki pral pèmèt tout lekòl leta Miami-Dade genyen aksè Entènèt “Wi-Fi” an mas 2014 oubyen avan.

Bon Konstriksyon 21yèm Syèk la, ki gen yon valè $1.2 milya, yo te vote li e li ap ofri chak lekòl nan Distri a amelyorasyon nan enfrastrikti ki nesesè pou sipòte teknoloji enstriksyonèl jodi a, amelyore pwoteksyon ak sekirite e renove oubyen ranplase bilding lekòl kote li nesesè.     

  • Bidjè y ap konsidere kounye a nan Komisyon Konsèy Lekòl la mande pou yo diminye to taks sou pwopriyete a de 0.1 pousan, ki pral pwoteje pwogram elektif, bileng, atletik ak aktivite apre lekòl, mentni depans pou sekirite nan lekòl, e li pap konpwomèt bi Distri a pou li satisfè egzijans sou kantite elèv ki dwe gen nan salklas, pandan li ap asire yo pa ranvwaye pwofesè pou rezon ekonomik.      
  • Distri a aplike prèske 100 nouvo opsyon chwa pou paran ki gen ladan lansman iPrep matematik nan 49 lekòl mwayen, e li ajoute pwogram Cambridge nan 23 lòt lekòl, ak premye lekòl segondè sou yon kanpous kolèj avèk “MAST at FIU” nan Kanpous  Biscayane Bay.

Anplis, Distri a pral kontinye travay pou prezève pwogram ki se pati enpòtan nan yon edikasyon  klas-mondyal, tankou ar, mizik, ak lang mondyal, pandan l ap entegre teknoloji nan salklas e bay  aksè nan yon mond konesans ki depase limit bilding lekòl nou yo.   

Pou wè yon videyo konplè Diskou sou Eta Sistèm Lekòl la sou Entènèt, silvouplè klike sou lyen  http://www.dadeschools.net/tv?q=xlMDqFIi0dk4NDJGFnTsqCH71H4JEBd8

 

###

12-JS/191/HD/CM   

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès