POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 septanm 2013            

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO ENVITE SIPÈENTANDAN CARVALHO POU LI PWOMOTE SIKSÈ “ETO” NAN REYINYON KOMISYON EDIKASYON ETA A, 17 SEPTANM         

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho resevwa envitasyon pou li ale nan reyinyon Komisyon Edikasyon Eta a 17 septanm pou bay enfòmasyon sou travay ekstrawòdinè “Education Transformation Office (ETO)” (Biwo Transfòmasyon Edikasyon) Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè, ak siksè li nan amelyore akonplisman elèv.  Reyinyon an ap kòmanse a 9è dimaten nan Forest Hill Community High School, 6901 Parker Avenue, West Palm Beach, FL 33405.          

ETO ap “transfòme” lekòl ki pèfòme pi ba yo nan ogmante, akselere e soutni akonplisman elèv nan lekòl ki gen difikilte yo atravè yon modèl sipò konpreyansif.          
 

 

###

13-JS/192/HD/CM        

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès