POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 23 septanm 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

3YÈM TOUNWA ANYÈL SELEBRITE GÒLF
LOEWS MIAMI BEACH AP BENEFISYE FONDASYON
POU NOUVO INISYATIV, “INC.” 25 OKTÒB

Yo pwograme pou yo fè 3yèm Tounwa Anyèl Selebrite Gòlf Loews Miami Beach pou benefisye Fondasyon pou Nouvo Inisyativ, “Inc.”, yon òganizasyon sipò dirèk “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), vandredi 25 oktòb 2013, nan Miami Beach Golf Course.

Yo pral mete patisipan tounwa yo pa de (2) avèk kèk nan pi gwo non nan espò, soti nan altèt ak antrenè rive sou kòmantatè nan televizyon. Ansyen selebrite gòlfè yo gen ladan Jason Taylor, Alonzo Mourning, Ahmad Rashad, Chris Doleman, ak anpil lòt.

Lajan yo fè nan tounwa a pral benefisye fondasyon an, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid kreye, pou amelyore akonplisman elèv e ankouraje patisipasyon kominotè nan ogmante fon pou sipòte pwogram elèv ak lòt inisyativ edikasyon M-DCPS.

Pou plis enfòmasyon oubyen pou vin yon patwonè, kontakte Diana Venturini nan 305 995-1367 oubyen dventurini@dadeschools.net. Pou konn plis sou Fondasyon pou Nouvo Inisyativ Edikasyon an, vizite www.giveourstudentstheworld.org.

 

###

013-JJS/195/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès