POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 18 septanm 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL RESEVWA PRIM VIZYONÈ KOMINOTÈ 2013

Yo chwazi Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho kòm benefisyè Prim Vizyonè Kominotè 2013 “National Association of Telecommunications Officers and Advisors (NATOA)” (Asosyasyon Nasyonal Ofisye ak Konseye Telekominikasyon) nan Transmisyon Entènèt Gran Vitès pou efò li fè nan redui eka dijital la e ofri yon aksesibilite pou transmisyon Entènèt gran vitès nan lekòl leta Miami-Dade yo. Seremoni prim nan ap fèt 18 septanm, a 12:15 nan aprèmidi nan Loews Portofino Bay Hotel nan Orlando.    

NATOA se yon asosyasyon nasyonal ki reprezante bezwen ak enterè gouvènman ak konsòsyòm lokal yo nan fè pwomosyon pou enterè kominote a nan kominikasyon. Pifò manm yo se ajans gouvènman lokal, anplwaye ak ofisyèl eli.   

###

13-JS/196/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès