|
RENOVASYON MONIMAN ISTORIK LEKÒL ELEMANTÈ W.J. BRYAN PRAL BENEFISYE MIZE LEKÒL MAGNÈT YO Yo deziyen Lekòl Elemantè W.J. Bryan, kòm yon moniman istorik nan North Miami, li ap restore teyat orijinal li a e renove oditoryòm nan pou mete yon espas pou egzibisyon pou pwogram magnèt mize li a. Elèv yo ap dokimante pwosesis la. Lekòl Elemantè Bryan lokalize nan 1201 N.E. 125th Street, North Miami, FL 33161. Se “The Villagers” ak Lowe’s “Tool Box for Education” (Bwat Zouti pou Edikasyon) ki bay don pou efò sa a. Efò renovasyon sa a ap ofri elèv yo opòtinite pou fè pèfòmans ak egzibisyon nan gran espas achitekti orijinal sa a Achitèk Robertson ak Patterson te desine e konstrui an1928. Bilding estil Restorasyon Mediterane a gen plafon voute ak koridò ouvè ki antoure yon bèl lakou yo deziyen kòm yon moniman istorik. Sa enspire elèv mize yo pou yo ekri yon liv sou restorasyon ak dènye renovasyon fontèn WPA a nan mitan lakou a. Mize Lekòl Magnèt yo fòme patenarya solid avèk mize lokal nan zòn nan ak enstitisyon kiltirèl yo nan Miami-Dade County. Edikatè mize yo travay kòt-a-kòt avèk pwofesè salklas yo, nan konekte kourikoulòm ki baze sou estanda avèk objè e atizay nan mize respektif yo e tou yo vizite bilding ak andwa istorik atravè county a. Kourikoulòm entegre sa a aksantye sou rezolisyon pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, enstriksyon, envansyon, ak ankèt atravè vizit kontinyèl nan mize ak nan enstitisyon kiltirèl yo.
### 13-JS/197/HD/SD
|